Ayiti/Koripsyon: RHAJAC pibliye yon rapò kase-dan sou koripsyon ak enpinite nan peyi Dayiti

Nan yon dokiman 43 paj ki kouvri peryòd janvye 2025 pou rive jiyè 2026, Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) pentire yon tablo ki mangonmen sou fason lajistis ak leta ap fonksyone nan peyi a. Selon òganizasyon an, Ayiti tonbe nan yon « sistèm enpinite enstitisyonèl » kote moun ki gen pouvwa ak lajan toujou jwenn mwayen pou yo kouri pou lajistis.

Dokiman sa a denonse san pitye yon seri gwo dosye kote yo lonje dwèt sou plizyè ansyen direktè, politisyen ak responsab piblik. Rapò a souliye fason anpil nan moun sa yo benefisye liberasyon ki kontwovèsyal, blokaj nan dosye yo, oubyen ki rete nan prizon san yo pa janm jije yo.

Pami ka ki pi move yo, RHAJAC site non :
Prophane Victor, ansyen depite ;
Magalie Habitant, ansyen direktè jeneral Sèvis Nasyonal Jesyon Resid Solid (SNGRS) ;
Jemsley Jean-Baptiste, ansyen direktè jeneral ONA ;
Renan Hédouville, ansyen pwotektè sitwayen an.
Rapò a denonse tou yon pakèt lòt afè ki gen pou wè ak detounman lajan leta ak sispèk finansman gwoup ame ki ap simen latwoublay anba lavil ak lapèrèz nan peyi a.

Vyolans, gang ak kontra ki pa klè.
Anplis pwoblèm koripsyon an, RHAJAC pouse yon gwo kri sou sitiyasyon sekite a ki pa sispann degrade. Nan peryòd rapò a kouvri a, violans fanmi ak gang ame lakòz plizyè santèn moun mouri ak blese, pandan gwo pòsyon nan teritwa nasyonal la rete anba kontwòl gwoup kriminèl yo. Rezo a lonje dwèt sou gwo danje sa reprezante pou lasosyete, sitou ak anwolman timoun nan gang ak deplasman fòse plizyè santèn milye fanmi.

Lòt pwen ki fè gwo bri nan dokiman an, se kritik sevè sou plizyè kontra estratejik gouvènman Premye Minis defakto, Alix Didier Fils-Aimé siyen. Kontra sa yo kouvri domèn tankou sekirite nasyonal, administrasyon prizon yo ak modènizasyon dwàn yo. Selon RHAJAC, fason yo pase kontra sa yo mete gwo dout sou respè transparans, souverènte nasyonal la ak pwosedi konstitisyonèl yo.

Fas ak tablo nwa sa a, RHAJAC mande pou :
1. Lajistis ouvri ankèt endepandan san pran pati pri sou tout dosye ki sispann yo ;
2. Ranfòse enstitisyon kontwòl yo nan peyi a ;
3. Aplikasyon sanksyon ki efikas kont moun ki ap sipòte gwoup kriminèl yo.

Nan konklizyon an, sekretè jeneral RHAJAC la, Djoany Michel, voye yon mesaj ki klè bay otorite yo, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) ak kominote entènasyonal la.
Daprè li :

«Enpinite an Ayiti a pa yon senp ti dezòd pasajè ankò, li tounen yon pyès mantal ak yon poto mitan nan fason peyi a ap dirije. Tankou lajistis ap rete yon zouti pou pwoteje elit politik ak ekonomik yo, pa gen okenn lapè, okenn sekite, ni okenn relans ekonomik ki ap posib nan peyi a. »

About Emmanuel Hubert

Check Also

Transition à Downing Street : Andy Burnham devient officiellement Premier ministre britannique

Le paysage politique britannique bascule ce lundi 20 juillet 2026. Le nouveau chef du Parti …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager