Kenskòf/Ensekirite : MCESK ap òganize yon gwo konferans-deba sou enpak atak kowalisyon « Viv Ansanm » nan komin lan

Pèsonaj ak responsab nan komin Kenskòf ap mobilize pou rankontre sou sitiyasyon kritik rejyon an ap travèse depi kèk tan. Mouvement des citoyens engagés pour le sauvetage de Kenscoff (MCESK) anonse yon gwo konferans-deba ki gen pou tèm :

« L’envahissement de la commune par les gangs armés de Viv Ansanm depuis le 27 janvier 2025 : impacts, défis et perspectives de relèvement ».

Inisyativ sa a vini nan yon moman kote popilasyon Kenskòf la ap sibi gwo konsekans anba men kowalisyon gwoup ame « Viv Ansanm », ki te koumanse anvayi komin sa a depi 27 janvye 2025. Dapre responsab MCESK yo, rankont sa a gen pou objektif pou kreye yon espas dyalòg ak refleksyon pwofon sou divès domaj ak Move efè kriz sekirite a lakòz nan lavi chak jou mòn ak lavil nan zòn lan.
Pami prensipal rezon ki pouse kreyasyon aktivite sa a, MCESK vize :

-Dega ak defi : Analize enpak negatif vye aksyon kowalisyon ame yo sou ekonomi lokal la, agrikilti ak lavi sosyete a nan Kenscoff.

-Propozisyon ak Rekòmandasyon : Degaje solisyon ak rekòmandasyon ki klè pou pèmèt lapolis ak otorite yo retabli sekirite nan tout kwen komin lan.

-Kouraj ak Rezilyans : Ranfòse kapasite popilasyon an pou yo kenbe fèm, soutni youn lòt epi patisipe nan relèvman komin yo a.

Daprè sa responsab yo fè konnen, tab wouj sa a reprezante yon kalfou enpòtan pou tèt ansanm ant tout aktivis, sitwayen konsyan ak kouch sosyal nan Kenscoff pou chèche yon pi bon demen epi trase yon chemen pou komin nan ka reprann souf li.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Remaniement au sein de la PNH : la chaîne de commandement subit d’importants changements

Un vent de réorganisation souffle sur le haut commandement de la Police Nationale d’Haïti (PNH). …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager