Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, te pran pa nan yon konsèy akèt ak kòktèl ki te òganize madi 18 out 2026 sa a nan otèl El Rancho, pou make fen misyon Sekretè Jeneral Oganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), Albert Ramdin, nan peyi Dayiti. Se Ministè Afè Etranjè ak Kilt ki te òganize seremoni sa a ki mete yon kout chapo sou yon seri rankont ki te konsantre sou sekirite, òganizasyon eleksyon yo ak devlopman peyi a.
Pandan diskou li, chèf gouvènman defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, te remèsye sekretè jeneral OEA a pou deplasman li epi l te reyafime sipò rejyon an nan moman difisil sa yo. « Ayiti pa poukont li, epi redresman peyi a se yon kòz tout rejyon an pote nan kè l », se sa Premye Minis defakto a te deklare pandan li te ap salye konkou ak solidarite peyi vwazen yo.
Premye Minis defakto a te pwofite okazyon an tou pou l te raple 4 gwo priyorite gouvènman l lan ap suiv pou kounye a:
Rantre sekirite nan peyi a
Retape epi restore lòd konstitisyonèl la
Relanse ekonomi an
Ranfòse kowesyon ak antant nan sosyete a
Anvan seremoni sa a, delegasyon OEA a te gen yon gwo chita-pale ak reprezantan kominote entènasyonal la pou defini ki wout ki dwe pran pou soti nan kriz la. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal X, Albert Ramdin te fè konnen rankont sa a te reyini anpil diplomat ak òganizasyon entènasyonal ki prezan nan peyi a, tankou Japon, Kanada, Lajantin, Lespay, Lafrans, Etazini, Inyon Ewopeyen an, Lasuis, Brezil, Chili, Bahamass, Repiblik Dominikèn, Nasyon Zini, Nonsyati Apostolik la, Meksik ansanm ak Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM).
Sekretè jeneral OEA a te esplike rezon ki te nan mitan diskisyon yo: « Echanj nou yo te konsantre sou kondisyon ki nesesè pou gen eleksyon ki kredib ak lejitim. Sa mande sekirite, estabilite politik, enstitisyon elektoral ki efikas ak yon kalandriye ki klè epi ki posib pou reyalize.
Nou te pale tou sou kowòdinasyon entènasyonal la, bezwen iminitè yo, relans ekonomi an, kreyasyon travay ak okazyon pou jèn yo. »
Albert Ramdin te mete aksan sou nesesite pou gen rezilta konkrè ak responsabilite nan chak aksyon ki ap poze. Li te konkli pou l di: « Nou tout te tonbe dakò pou plan yo tradui an aksyon ki byen kowòdone, ak responsabilite ki klè, rezilta ki ka mezire, epi ak yon atachman kote Ayisyen yo pran devan.
OEA rete fidèl nan angajman l pou l travay bò kote Ayiti ak patnè entènasyonal yo pou fè pwogrè nan direksyon yon estabilite ki dirab, yon bon gouvènans demokratik ak yon devlopman ki ap dire. »
Echojounal echojounal.net