Ayiti/Kriz Politik: Kominote Entènasyonal la Fèmen pòt sou Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a ak Dekrè Eleyoral la.

Pwosesis eleksyon an nan peyi a pran yon gwo kout fren epi li riske pa fèt sou baz dekrè elektoral ki te genyen modifikasyon anndan l semèn pase a pa gouvènman de fakto a. Dekrè sa a, ki vin konnen kòm yon « dekrè wont » pou anpil obsèvatè ak diplomat, ap pwovoke yon gwo kòlè nan mitan kominote entènasyonal la.

Pwen ki pi cho a se sipresyon atik ki te anpeche moun ki anba lis sanksyon peyi Etazini, Kanada ak Inyon Ewopeyen an pou kòripsyon oubyen finansman gang, prezante tèt yo nan eleksyon yo. Desizyon sa a tonbe tankou yon kout fizi pou patnè entènasyonal yo, ki estime yo te « woule nan farin » pa Premye Minis de fakto a, Alix Didier Fils-Aimé. Dapre sa plizyè sous rapòte, nan chak rankont ak diplomat yo, chèf gouvènman an te toujou bay garanti moun ki anba sanksyon yo yo te ap mete yo sou kote nan pwosesis elektoral la.

Piblikasyon yon rapò gwo pwa Nasyonzini (ONU), yon jou jis apre piblikasyon dekrè a, parèt tankou yon desizyon klè pou dezapwouve Alix Didier Fils-Aimé epi retire tout kredibilite nan men l. Dapre yon sous ki byen konnen dosye a, rapò sa a voye yon mesaj klè ki montre chèf gouvènman an pèdi konfyans patnè ki pi enpòtan peyi a.

Koulye a, ak gwo presyon sa a sou do gouvènman an, jou Alix Didier Fils-Aimé nan tèt peyi a sanble fin konte. Sipòtè ak diplomat entènasyonal yo ap tape sou tab la, pandan anpil moun ap regrèt peyi a riske tonbe nan yon lòt faz tranzisyon ankò, san sa pa garanti yon solisyon dirab pou kriz la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Frans/Eleksyon: Raphaël Glucksmann genyen primè Pati Sosyalis la ak gòch sosyal-demokrat la

Nan yon etap enpòtan pou tèt ansanm ak lavni lagòch nan peyi Lafrans, Raphaël Glucksmann, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager