Christa Pike, sèl fanm ki te ap tann egzekisyon l nan Eta Tennessee, tounen dèyè baro jou ki te samdi 10 oktòb la apre yon ti tan li te pase lopital nan yon eta trè kritik. Fanm sa a, ki gen 50 ane, te soti vivan nan yon tantativ egzekisyon pa enfizyon ki te fèt jou ki te 30 septanm pase a.
Selon enfòmasyon avoka l yo konfime, yo te transpòte Pike dousman nan lopital nan dat 30 septanm nan, pandan l te san konesans ak nan yon eta grav anpil. Sa te rive apre ekip teknik yo te fin administre de fwa pwodui chimik ki fèt pou touye moun nan (pentobarbital), men pwosesis la te echwe anba gwo konplikasyon teknik.
Apre plizyè jou anba aparèy pou ede l respire ak swen entansif, medsen yo rive estabillize l. Samdi 10 oktòb la, yo te pèmèt li kite lopital la pou l retounen nan sant Penitansyè Debra K. Johnson nan vil Nashville, kote l ap swiv swen medikal anndan prizon an.
Echèk sa a lakòz yon gwo twoub nan sistèm jistis Eta Tennessee a:
Gouvènè Bill Lee pran desizyon sispann tout lòt egzekisyon ki te prevwa nan Eta a pou rès ane a, pandan l kòmande yon ankèt endepandan sou pwotokòl medikal ak fason moun ki ap fè egzekisyon yo ap travay.
Ekip avoka ki ap defann Pike a ranpli kounye a yon demann an dijans pou mande pou yo kase penn lanmò a epi ba l yon prizon a vi. Yo soutni lide pou di si yo ta renouvle yon lòt tentativ pou touye l, sa ta reprezante yon « pinitif san sans ak yon tòti » ki kontrè ak Konstitisyon ameriken an.
Yon ka san parèy nan jistis ameriken an
Dosye Christa Pike a vin kreye yon presedan ki raman rive nan istwa jistis modèn nan peyi Etazini, kote yon kondane rive viv apre li te fin resevwa dòz pwodwi ki fèt pou ote lavi l la. Avèk ankèt ki ap mennen yo ak demann avoka yo, lavni ak sò ki rezève pou Pike rete anpandan pandan tout peyi a ap swiv kòman Tribinal Siprèm lan ak otorite yo ap reponn ak ka sa a.
Echojounal echojounal.net