Nan yon etap enpòtan pou tèt ansanm ak lavni lagòch nan peyi Lafrans, Raphaël Glucksmann, kofondatè mouvman Place publique, genyen primè ki reyini Pati Sosyalis (PS) ak plizyè alye li yo ak yon gwo majorite nan premye tou an.

Avèk plis pase 66 % nan vòt yo, depite ewopeyen an pase devan lòt figi enpòtan nan pati a, tankou Premye Sekretè PS la, Olivier Faure, ak ansyen kandida prezidansyèl Ségolène Royal. Viktwa sa a mete Glucksmann nan yon pozisyon solid kòm prensipal kandida ki pral reprezante sosyal-demokrasi a nan eleksyon prezidansyèl ki ap vini yo.
Imedyatman apre rezilta yo te fin pibliye, Raphaël Glucksmann te pran lapawòl pou l adrese ak patizan l yo ak peyi a. Prensipal mesaj li te klè e san rete: « Gòch demokratik la tounen »
Nan diskou li a, kandida a te mete aksan sou bezwen pou yon gòch ki bati sou valè Repiblik la, ki pro-ewopeyèn, e ki kapab ofri yon altènatif solid e responsab pou dirije peyi a.
« Nou sot pwouve ke gen yon lòt chemen ki posib pou peyi nou an, yon chemen ki pa ni nan divizyon ni nan radikalizasyon, men nan tèt ansanm ak chanjman reyèl, » li te deklare pandan gwo rassembleman li an nan Pari.
Echojounal echojounal.net