Masak ki te fèt nan komin Kenskòf nan mwa janvye 2025 la pa te yon senp operasyon kriminèl, men se te yon machandaj politik ki te vize pou manipile opinyon piblik la ak fòse peyi a aksepte negosyasyon ak gang ame yo. Se sa ki soti nan dènye rapò ekspè Nasyon Unies yo pibliye sou sitiyasyon Ayiti a.
Dapre dokiman sa a, gwoup ame yo te chèche kreye yon dezòd total pou fè popilasyon an kwè fòs sekirite yo pa kapab fè anyen ankò, epi enpoze lide ke yon antant ak kriminèl yo se sèl solisyon ki rete.
Kritik yo vin pi fò lè yo remonte nan kontèks politik epòk la. Nan moman masak la te fèt la, se Normil Rameau ki te Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH). Sepandan, Premye Minis defakto an, Alix Didier Fils-Aimé, pa te swete konsève l nan pòs sa a.
Apre atak la, ki te koute lavi plis pase 260 moun dapre chif ki te disponib yo, Premye Minis la te rive deklare piblikman sèvis ranseyman yo te okouran operasyon an te ap prepare. Malgre alèt sa yo, okenn dispozisyon pa te pran pou pwoteje popilasyon an ni anpeche kriminèl yo komèt krim sa yo.
Analiz ekspè Nasyon Unies yo vin bay plis jarèt sou dout sou konplisite ki ta ka genyen ant kèk gwo otorite nan Leta a ak gwoup ame yo.
Jodi a, lajistis ak popilasyon an ap kontinye mande esplikasyon sou rezon ki fè lavi plis pase 260 moun te sèvi kòm monnen dechanj nan yon jwèt pouvwa ak enfliyans.
Echojounal echojounal.net