Asasina Jovenel Moïse: Pwosè nan Florid la devwale yon konplo 9 milyon dola kote plizyè gwo tèt nan sektè zafè a enplike.

Asasina Jovenel Moïse: Pwosè nan Florid la devwale yon konplo 9 milyon dola kote plizyè gwo tèt nan sektè zafè a enplike.

Nan kad pwosè ki ap dewoule nan tribinal federal Florid la sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse, prèv ajan FBI yo prezante devan lajistis pote yon limyè tou nèf sou jan operasyon sa a te planifye ak finanse.

Dapre dokiman ak depo ki fèt nan tribinal la, òm dafè Samir Handal ta sèlman mete yon kantite 4 milyon dola ameriken nan finansman operasyon an. Bò kote pa yo, antreprenè Larry Chadwell ak Frédérick Bergman ta envesti 2 ak 3 milyon dola. Konsa, rantre twa (3) envestisè sa yo sèlman pèmèt reyini yon bous 9 milyon dola ameriken ki te sèvi pou mennen operasyon ki te fini ak asasina chèf leta ayisyen an nan nwit 7 jiyè 2021 an.

Eleman ki soti nan ankèt la montre finansman sa a pa te sèlman yon senp sipò pou achte materyèl oswa peye moun. An retou, moun ki te bay lajan yo te dwe benefisye gwo avantaj ak privilèj ekonomik nan peyi a si Christian Emmanuel Sanon te rive pran pouvwa a pou ranplase Jovenel Moïse.

Pandan temwen yo ap pase youn apre lòt devan lajistis epi akizasyon yo ap vin pi move, pwosè sa a ki ap fèt Ozetazini an ap mete gwo presyon ak krentif nan mitan tout klas politik ak ekonomik ayisyèn lan. Revelasyon sa yo riske souke anpil sektè ki te ka gen men yo tranpe nan konplo a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Salvadò : Prezidan Nayib Bukele ofisyalize kandidati li pou yon twazyèm manda, nan yon kontèks kote twoup li yo ap goumen ak gang an Ayiti

Dapre plizyè medya salvadoryen ak sous enfòmasyon entènasyonal, Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, ofisyalize kandidati …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager