Yon rapò ekspè Nasyonzini pibliye pote yon gwo limyè sou fason gwoup ame yo nan peyi Dayiti jwenn materyèl pou yo fè vyolans. Dapre sa ekspè yo rapòte, pifò nan zam ak minisyon gang yo gen nan men yo jodi a te fèt e te dwe al jwenn fòs lòd ayisyen ak dominikàn yo.
Nivo detounman sa a konfime atravè aksyon sou teren an. Pandan yon operasyon inite Entèvansyon ak Mantni Lòd (PNH) te mennen nan zòn Kenskòf, analiz yo fè sou plizyè katouch yo te sezi montre klèman yo te pote mak ak referans ki te fèt pou polis nasyonal Dayiti (PNH) ansanm ak fòs polis Repiblik Dominikèn.
Rapò ONU an pa sispann la; li devwale tou fason rezo kriminèl yo ap kolabore nan tout Karayib la. Gang ayisyen yo ap fè kòmès ak kriminèl nan peyi Jamayik, kote yo twoke dwòg pou yo ka jwenn zam pwisan.
Otorite jamayikèn yo deja konfiske plis pase 51 zam afe nan men kriminèl sou teritwa yo a. Eksperyans ak analiz ekspè yo fè sou zam sa yo konfime ankò se materyèl ki te dwe al nan men PNH la.
Detay sa yo mete deyò yon gwo defi sou fason pou gen kontwòl ak sekirite sou stòk zam ak minisyon ki rantre nan peyi a, epi li montre kijan trafik kriminèl sa a ap febli efò pou ranfòse sekirite nan peyi Ayiti ak nan rejyon an.
Echojounal echojounal.net