Gouvènman de fakto Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé a ap travèse yon gwo tanpèt politik. Gen yon chanjman vizib nan ton diplomasi entènasyonal la nan Pòtoprens, kote plizyè reprezantan ap pran distans yo ak chèf gouvènman an apre sa yo konsidere kòm yon echèk total sou plan sekirite ak nan òganizasyon eleksyon yo.
Pwen ki pi cho ki lakòz anpil kòlè nan mitan diplomat yo se yon amandman yo te pote nan dekrè elektoral la. Modifikasyon sa a ta bay yon fòm favè ak opòtinite ak kèk kandida ki sou lis sanksyon entènasyonal yo oswa ki ap fè fas ak jistis.
Chak fwa yo pran lapawòl, reprezantan kominote entènasyonal la pa kache mwayen pou yo montre dezakò yo ak desizyon sa a. Dapre sous diplomatik yo, patnè Ayiti yo santi gouvènman an te « woule yo nan farin » lè li te ap ba yo pwomès sou fason li pral jere tranzisyon an ak pwosesis demokratik la.
Yon iltimatòm pou 13 desanm?
Yon diplomat entènasyonal ki pat vle parèt tout tèt li te trè kategorik sou sitiyasyon an: apre dat 13 desanm nan, si pa gen yon direksyon ki kòrèk e san eleksyon nan kaye a, Alix Didier Fils-Aimé ap oblije kite pouvwa a.
Pasyans kominote entènasyonal la sanble rive nan bout li tou akòz:
* Gang ame yo kontinye ap dikte lalwa, sa ki rann li enposib pou kreye yon anviwònman ki pi trankil pou reyalize yon vizit nan biwo vot yo.
* Pèspektiv pou ta gen eleksyon ki mèg ak san triche ap vin pi lwen chak jou.
Lè ou gade jan bagay yo ap evolye ak jan ton diplomat yo vin pi di, Alix Didier Fils-Aimé ak tout kabinè ministeryèl li an twouve yo jodi a nan je siklòn nan. Rete pou wè si gouvènman an ap ka ranje fizil li sou de zepòl oswa si 13 desanm ap siyen fen epòk sa a nan tranzisyon an.

Echojounal echojounal.net