Tansyon an ap monte nan sektè piblik la. konfederasyon sendika administratif piblik nasyonal la anonse yon seri grèv jeneral ki ap kòmanse depi lendi 19 oktòb 2026 la sou tout teritwa a. Desizyon sa a vini apre plizyè mekontantman ki ap grennen nan mitan fonksyonè piblik yo sou fason yap jere ti benefis ak kondisyon travay yo.
Pami prensipal rezon ki pouse fonksyonè yo rantre nan dezobeyisans sivil sa a, genyen:
* Anilasyon prensipal 15 % an: Sendikalis yo ap mande pou otorite yo sispann e siprime san pèdi tan komisyon oswa prèlevman 15 % ki kòmanse fèt depi 1er oktòb 2026 sou prim, alokasyon, etrèn, endemnizasyon pou konje ki pa te pran ak kob èdtan siplemantè yo.
* Pran swen sante travayè yo: Sektè a ap konbat pou gen yon vrè sistèm asirans sante ak pwoteksyon sosyal ki adekwa e ki ka reponn ak bezwen reyèl fonksyonè yo ansanm ak fanmi yo.
* Peman 14yèm mwa a: Sendika yo panse peman 14yèm mwa a se yon dwa e yon soulajman ekonomik ki nesesè pou travayè leta yo nan kriz ki ap travèse peyi a.
Daprè pòtvwa konfederasyon an, si gouvènman an pa pran mezi konkrè pou reponn ak kaye revandikasyon sa a, aparèy leta a anpwazonnen e paralize nèt nan jou ki ap vini yo.
Echojounal echojounal.net