Guyto Saurel ak Platfòm Politik Rekonsilye jwenn yon gwo akèy nan men popilasyon an.

Nan yon anbyans ki te gen anpil chalè ak mobilizasyon, Platfòm Politik Rekonsilye te lanse aktivite li yo ofisyèlman nan vil Pòdepè, jou ki te samdi 3 oktòb 2026 la, nan espas Hôtel Rendez-vous. Nan okazyon sa a, Guyto Saurel, ki se potansyèl kandida pou depite nan sikonskripsyon Pòdepè a, te resevwa yon gwo sipò nan men divès kouch nan popilasyon an ki te desann an mas pou vin tande vizyon ak angajman l.

Devan yon asanble ki te konpoze ak reprezantan divès kouch sosyal, Guyto Saurel te pran lapawòl pou l voye yon mesaj ki chita sou inite, devlopman ak rekonsilyasyon nasyonal. Nan diskou li a, li te fè yon apèl solanèl bay tout jèn yo nan komin nan ak nan peyi a an jeneral, pou yo rantre nan dinamik chanjman an.

« Peyi nou an bezwen tout pitit li yo, sitou jèn yo ki reprezante fòs ak lavni nasyon sa a. Mwen envite nou pou nou mete men ansanm, travay nan tèt ansanm pou nou ka ba peyi a ak Pòdepè yon lòt vizaj, » se sa Guyto Saurel te deklare pandan lansman sa a.

Aktivite sa a te konte tou sou prezans plizyè lòt direktè ak figi enpòtan nan platfòm nan, pami yo Gary Bodeau ak Andalasse Mertilus. Yo te pwofite okazyon an pou yo soudwaye enpòtans pou gen pi bon enfrastrikti nan depatman Nòdwès la ak bezwen pou bay sèvis de baz yo plis jarèt.

Lansman sa a make yon etap enpòtan nan kous politik la nan zòn nan, kote mesaj rekonsilyasyon ak patisipasyon lajènès lan sanble jwenn yon gwo echo nan mitan moun ki te prezan yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Prezidan ameriken an reyaji sou sa ki ap pase nan peyi Lafrans lan

Prezidan ameriken an, Donald Trump, reyaji avèk anpil fòs dimanch 18 oktòb 2026 sa a …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager