Balon dò 2026: Harry Kane ranpòte Balon Dò 2026 la devan Mbappé ak Lamine Yamal

Atakan anglè klèb Bayern Munich lan, Harry Kane, sakre pi bon jwè sou planèt la, li ranpòte trofe Balon Dò 2026 la lendi 26 oktòb sa a nan vil Lond. Avèk yon bilan ekstrawodinè 73 gòl nan 65 match, entènasyonal anglè a domine kous la nèt apre yon sezon istorik.

Sipèsta Bayern lan pa te sèlman domine an Almay, men li te  jwe yon wòl kapital kòm kapitèn seleksyon Three Lions lan, kote li te mennen peyi li nan 3yèm plas nan Koup di Mond 2026 la.

Malgre bèl pèfòmans lòt jwè yo, pèsòn pa te ka bare wout Harry Kane nan kous ane sa a. Atakan franse Real Madrid la, Kylian Mbappé, ak jèn fenomèn espanyòl FC Barcelone lan, Lamine Yamal, konplete podium lan nan dezyèm ak twazyèm plas.

Pèfòmans sa a fè Kane vin premye jwè anglè ki souleve premye distenksyon endividyèl sa a dèyè Michael Owen an ki te prann an 2001.

Klasman final podium nan:
* 🏆 Harry Kane (Bayern Munich / Angletè)
* 🥈 Kylian Mbappé (Real Madrid / Frans)
* 🥉 Lamine Yamal (FC Barcelone / Espay)

About Emmanuel Hubert

Check Also

Arkema Première Ligue : Melchie Dumornay sakre « Jouèz pou mwa Septanm nan.

Entènasyonal ayisyèn nan, Melchie Daëlle Dumornay, ke tout moun konnen sou non « Corventina », …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager