Grenadye entènasyonal ayisyèn nan, Melchie Daëlle Dumornay, mete non li ankò pi wo nan liv istorik balon won mondyal la apre li fin pran 4yèm plas nan klasman final Ballon dò feminen 2026 la.
Jwèz « Olympique Lyonnais » a fè yon gwo pwogrè ki siprann anpil moun sou sèn entènasyonal la. Soti nan 18yèm plas an 2025 pou rive nan 4yèm plas ane sa a, pwogresyon sa a montre konbinezon talan, devouman ak pèfòmans ekstrawodinè li ap kontinye bay sou teren an, ni nan klèb li Lyon, ni nan seleksyon nasyonal Ayiti a.
Podium edisyon 2026 la domine pa Espnayòl Alexia Putellas ki pran 1yèm plas la, swivi pa Polonèz Ewa Pajor nan 2yèm plas, ak Jamayikèn Khadija Shaw ki ranpòte 3yèm plas la.
Avèk siksè sa a, Melchie Dumornay pa sèlman konsolide plas li nan mitan pi gwo jwèz sou planèt la, men li voye yon gwo mesaj espwa pou tout timoun ak jèn espòtif nan peyi Dayiti ki ap kouri dèyè rèv yo. Klasman sa a reprezante pi wo nivo yon jwèz ayisyèn janm rive nan istwa rekonpans endividyèl sa a nan foutbòl mondyal la.
Echojounal echojounal.net