28 Oktòb: Yon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan solitid ak silans enstitisyonèl

Jodi a ranpli tout alantou nou ak yon santiman melanje: sou yon bò, fyète yon pèp ki gen yon lang rich ak vivan; sou yon lòt bò, kòlè ak lapèn fas ak abandon yon senbòl nasyonal nan men moun ki sipoze pwoteje l yo. Chak 28 oktòb, atravè lemond, kominote kreyolofòn yo selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl. Men nan peyi Ayiti, kote kreyòl la se poto mitan idantite ak nanm pèp la, dat sa a pase tankou yon jou kèlkonk nan reyalite dirijan nou yo.

Se depi ane 1983 dat 28 oktòb la te chwazi pou selebre lang ak kilti kreyòl la toupatou sou latè. Desizyon sa a te pran anba patwonaj Bannzil Kreyòl (yon asosyasyon entènasyonal kreyolis), nan lide pou kreye yon espas kote tout pèp ki gen kreyòl an eritaj ka reyini pou valorize lang yo, defann dwa lengistik yo, epi ankouraje kreyasyon literè ak syantifik nan lang sa a.

Malgre sa, Konstitisyon ayisyen an nan atik 5 li deklare: Kreyòl se lang ofisyèl peyi Ayiti, ansanm ak franse. Sepandan, ant sa ki ekri sou papye ak sa ki ap fèt sou teren an, gen yon fosè ki pa sispann grandi.

Pandan dat sa a ta dwe yon okazyon pou gwo manifestasyon kiltirèl, kolòk syantifik nan inivèsite yo, ak pwomosyon lang lan nan lekòl ak administrasyon piblik, gouvènman defakto ki ap dirije peyi a montre yon endiferans ki rive nan nivo mepri. Okenn aktivite ofisyèl daprè sa ki te dwe fèt, okenn diskou pwa lou pou valorize patrimwàn sa a, okenn politik piblik konkrè pou respekte atik konstitisyonèl la.

Silans sa a pa yon senp oubli; se yon siy frapan ant dirijan defakto yo ak reyalite popilasyon an. Pandan yo ap bat bouch sou fòm ak pwotokòl nan lang franse nan gwo salon yo, yo bliye se nan lang kreyòl la peyi a respire, se li ki sèl lang ki mare tout ayisyen ansanm san distenksyon. Lè yon leta neglije lang popilasyon l lan, li neglije pèp la li menm.

Sa ki pi rèd la, konplisite silans sa a touche menm mwayen enfòmasyon nou yo. Yon pakèt medya ak laprès ayisyèn ki ta dwe premye ranfò pou defann ak pwomouvwa lang manman nou an pase bò kote gwo jou sila a san yo pa di yon mo. Ant lannwit pwoblèm politik ak kouri aktyalite a, anpil jounalis ak direktè medya bliye ke radyo, televizyon ak jounal an kreyòl se gwo zouti pou fòme ak enfòme sosyete a. Bliye dat sa a nan medya yo montre yon abandon kiltirèl ki tris anpil.

Malgre neglijans ak endiferans sa a lakay nou, lang kreyòl la se yon richès ki depase fwontyè Ayiti. Sou tout glòb la, gen plizyè lòt peyi ak teritwa ki pataje eritaj sa a epi ki pa pè selebre li ak fyète:

* Nan Karayib la: Gwadloup, Matinik, Sent Lisi, Dominik, ak Giyàn Fransèz.
* Nan Oseyan Endyen an: Lil Moris, Sesel (kote kreyòl la gen gwo plas nan leta a), ak Larenyon.
* Nan Kominote Dyaspora yo: Miyami, Nouyòk, ak Montreyal, kote kominote ayisyèn nan kenbe flanm kreyòl la byen vivan.

Lang kreyòl la pa yon lang dezyèm klas, ni li pa yon lang pou nou itilize sèlman lè nou ap pale nan lari. Se yon lang ki gen gramè l, literati l, ak valè inivèsèl li. Si gouvènman defakto a ak medya yo chwazi kite 28 oktòb la pase nan lera, se devwa chak sitwayen, chak ekriven, ak chak akademisyen pou yo kontinye kenbe flanm sa a limen. Sepandan, istorikman, yon pèp ki neglije lang li, se yon pèp ki ap mache tèt anba tèt pèdi.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti : au moins 4 morts, 2 disparus et plus de 3 000 familles touchées par les intempéries

La péninsule du Sud d’Haïti fait face à un nouveau bilan tragique à la suite …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager