Ayiti/Eleksyon: Gwo difikilte pou anpil kandida nan pwovens yo jwenn pyès pou eleksyon ki ap vini yo

Pandan chwazi ak depoze dokiman pou eleksyon ki ap vini yo ap rantre nan yon faz desizif, plizyè sitwayen ki rete nan vil pwovens yo atravè peyi a ap rankontre gwo tèt chaje pou yo kapab konplete dosye yo. Pwoblèm prensipal la gen pou wè ak sètifika polis (DCPJ) yo mande yo a, yon dokiman ki vin tounen yon vrè kalvè pou anpil moun ki anvi reprezante kominote yo epi dokiman DGI yo se nan rakèt pou yo jwenn yo.

Anpil nan sitwayen sa yo rapòte yo oblije fè plizyè alevini ant vil kote yo rete a ak kapital la pou yo ka jwenn dokiman sa a nan men Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ). Ant deplasman ki koute chè, sitiyasyon sekirite a ki konplike sou wout nasyonal yo, ak tan ki ap kouri sou yo, anpil kandida potansyèl gen krentif pou yo pa rive depoze dosye yo anvan delè Konsèy Elektoral Enpèsonèl (KEP) la fikse a rive nan bout li. Sitwayen sa yo ap voye yon moso rele bay otorite KEP yo pou yo jwenn yon solisyon vit e prese, tankou yon ralonj sou delè a oubyen yon desantralizasyon nan fason yo bay sètifika polis yo.

Apre pwoblèm dokiman sa yo, gen yon lòt kawo ki kreye nan nivo administrasyon piblik la. Gen kèk sitwayen ki ap travay deja nan sèvis leta epi ki gen entansyon poze kandidate yo, ke chèf sèvis yo oubyen depatman kote yo ye a ap mande pou yo bay demisyon yo touswit. Sou yon lòt bò, gen lòt ajan piblik ki ta dwe mande yon dispans oubyen yon konje san sold nan travay yo pou yo ka fè kanpay.

Sityasyon sa a kreye yon gwo konfizyon, paske san yon kalandriye elektoral ki klè epi san yon dat fiks pou vòt la, fonksyonè sa yo pa konnen ki lè presizeman pou yo ta dwe kite pòs yo oubyen pran konje a. Yo pè pou yo pa pèdi travay yo san yo pa gen okenn garanti sou dat eleksyon yo ap fèt aktyèlman.

Akoz sitiyasyon sa a ki mete anpil moun sou dout, sitwayen ak potansyèl kandida sa yo ap mande otorite KEP yo pou yo fikse dat eleksyon yo ak tout kalandriye elektoral la byen rapid. Yo panse se sèl fason sa a ki ap pèmèt yo pran bon desizyon sou plan pwofesyonèl yo ak sou plan politik yo, san yo pa pèdi tan ni pèdi dwa yo pou yo patisipe nan lavi demokratik peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Eleksyon: KEP lanse yon operasyon mobil pou enskri elektè yo pi fasil

Nan lide pou fasilite ak rapwoche sèvis enskripsyon yo pi pre popilasyon an, Konsèy Elektoral …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager