Ayiti/Eleksyon: KEP lanse yon operasyon mobil pou enskri elektè yo pi fasil

Nan lide pou fasilite ak rapwoche sèvis enskripsyon yo pi pre popilasyon an, Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) anonse nan yon nòt ki soti lendi 26 oktòb 2026 sa a lansman yon gwo operasyon mobil nan espas piblik yo tankou nan plizyè enstitisyon ak antrepriz nan peyi a.

Dapre presizyon enstitisyon elektoral la bay, ekip Ajan enskripsyon yo deja jwenn pèmisyon ki nesesè nan men divès enstitisyon piblik ak konpayi prive. Dispozisyon sa a ap pèmèt ajan yo deplase vin jwenn sitwayen yo dirèkteman sou plas travay yo ak nan zòn komèsyal yo pou enskri yo san tèt chaje.

Pou sitwayen yo kapab benefisye sèvis sa a ak anrejistre tèt yo sou lis elektoral la, KEP a sonje yon sèl kondisyon obligatwa: fòk sitwayen an gen Kàt Idantifikasyon Nasyonal (Dermalog) li nan men li.

Anplis de sa, Konsèy Elektoral la pwofite raple tout moun ke chak elektè gen tout libète pou yo chwazi sant vot ki pi apwopriye pou yo a nan moman yap fè enskripsyon an, sa ki dwe fasilite patisipasyon yo jou eleksyon yo.

Initiativ sa a rantre nan kad efò pou pèmèt pi plis moun gen aksè ak dwa vòt yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

USA : Barack Obama prend la défense du Canada face aux sanctions de Donald Trump

L’ancien président américain Barack Obama a vivement critiqué samedi les offensives commerciales menées par Donald …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager