Nan yon lèt tou louvri ki pote dat 11 avril 2025 direktè depatmantal Sid polis la, Daniel Compère voye bay direktè jeneral polis la, Normil Rameau li fè li konnen genyon gwoup 33 nèg ak gwo zàm fann fwa ki ap prepare pou pran kontwòl vil Okay.
Selon sa direktè depatmantal sid la, Daniel Compère ekri nan lèt sila gwoup bandi sa ki ap prepare pou pran kontwòl vil Okay la gen nan tèt li ansyen kòmandan, Guy Philippe, li fè konnen bandi yo deja nan komin Tibiwon ak Lèzanglè, yo gen pou misyon atake direksyon ke li ap dirije a ak Prizon sivil Okay la, li kontinye pou li di ,atak yo ap gen pou fèt sou plizyè fwon, yon lòt gwoup ap gen pou soti Pestèl ak misyon pou atake komisarya kanperen an pou rive nan vil la.
DDS la fè konnen li pa gen ase minisyon ak polisye pou reponn ak atak bandi yo ap gen pou fè yo pou sa, li mande DG PNH la, Normil Rameau pou voye ba li prese prese minisyon ak kèk polisye pou kapab reponn ak atak yo.
Yon lèt ki pouse anpil moun poze tèt yo kesyon sa yo, si DDS la gen tout detay sa yo poukisa li oblije ekri yon lèt piblik ke menm bandi yo ap li ? Pou kisa nan lèt la li tou di li pa gen minisyon ak efektif?
Guy Philippe bò kote pa li pa pran tan pou reponn, selon ansyen kòmandan rebèl yo nan lane 2004 yo, se yon plan pou livre vil Okay bay bandi yo, li fè konnen li pa konn anyen nan sa DDS la di nan lèt li a kote li akize li kòm moun ki ap prepare atak.
Dosye a swiv!