Ayiti/Ensekirite: Lapolis bliye misyon yo nan Kenskòf lakoz bandi yo fè gwo dega nan komin nan.

Bandi « Viv Ansanm » yo fè gwo dega nan zòn « Godet » ki chita kò li nan komin Kenskòf nan lannwit vandredi 11 pou rive samdi 12 avril 2025 lan.

Sa rive apre polisye ki te la pou te pwoteje zòn sila yo te ale dòmi ak fanm ke bandi yo te voye ba yo pou pyeje yo. Pandan atak sila bandi yo fè anpil gwo dega kote yo mete dife nan plizyè kay, blese plizyè moun ak bal e selon enfo yo ta gen plizyè moun ki mouri nan mitan popilsyon an.

Nan atak sila, selon enfo yo lapolis bò kote pa yo pèdi pou pi piti 3 machin, 3 fizi, 4 pistolè, 26 chajè, yon pil bal, yon pakèt jile pa bal ak plizyè lòt materyèl, yon polisye disparèt, 5 polisye blese e ap pran swen.

Pòt pawòl adjwen lapolis, Lionel Lazarre la ki te ap aji sou sa ki pase a, anonse yon ankèt ak sanksyon ki pral pran kont polisye sa yo ki te bliye misyon yo a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Participation du Ministre de la Santé Publique à la réunion préparatoire de la 78e Assemblée Mondiale de la Santé

Genève, 19 mai 2025 — À la veille de l’ouverture officielle de la 78e Assemblée …