Ayiti/Pwotestasyon/DINEPA: Anplwaye yo bloke Delmas 34 epi kouche yon lis denonsyasyon kont Direktè Jeneral la

Sityasyon an te cho anpil nan Delmas 34 jounen mèkredi 4 novanm 2026 la. Anplwaye Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA) ak biwo rejyonal li yo (OREPA) te mete barikad epi boule kawotchou, sa ki te bloke sikilasyon an pandan yon bon ti tan anvan inite Lapolis Nasyonal yo (PNH) te debake rapid vit pou libere lari a.

Mouvman sa a vize dirèkteman Direktè Jeneral enstitisyon an, Théophil Ostinvil, ak akolit li yo. Anplwaye yo konpare DINEPA tankou: « yon bato ki ap navige san kapitèn », kote kowipsyon ak move jesyon ap menase pou kraze enstitisyon an.

Men rezon anplwaye yo bay ki fè yo ap revandike:

. Moun ki ap travay yo gen plizyè mwa san yo pa jwenn salè yo, pandan yo ap kouvri teren an nan kondisyon ki difisil anpil san konsiderasyon pou konpetans yo.

. Ekipman yo pa sifi, machin zoreken tounèf (SE) ki te achte ak lajan Bank mondyal ale nan men patikilye.

. Yo denonse jan yon sitwayen yo rele Samuel Mondestin rantre pou ranplase yon ajan ki gen 25 lane eksperyans, epi salè li sot nan 75 mil goud pou moute 600 mil goud.

. Yo ap sibi yon vag revokasyon san okenn fondman ki frape anplwaye ki gen anpil lane eksperyans nan enstitisyon an ak nan OREPA yo.

. Yo akize dirijan yo ki ap fè chantaj sou antrepriz prive pou yo ka touche kòb DINEPA dwe yo. Anplis de sa, kontra pou konstriksyon rezo dlo ki ap finanse pa gwo bayè tankou BID, Bank Mondyal ak AECID ap bay anba tab, pandan yo ekate antrepriz ki refize antre nan kowipsyon.

Anplwaye yo avèti ke si gouvènman defakto an pa pran desizyon rapid pou kanpe deriv sa yo, mouvman an ap kontinye e sa gen dwa lakòz bayè de fon entènasyonal yo rale kò yo nèt.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Élections : la vérification des candidatures au cœur de vives controverses juridiques et administratives

Alors que les opérations de dépôt et de vérification des pièces de candidature auprès des …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager