« CTE-RMPP ak OREPA-Ouest » denonse dezòd devan ajans yo, yo pwomèt Sanksyon

« Centre technique d’exploitation de la région métropolitaine de Port-au-Prince (CTE-RMPP) ak Office régional de l’eau potable et de l’assainissement de l’Ouest (OREPA-Ouest) », de branch nan DINEPA, pibliye yon nòt pou kondane ak tout fòs yo yon mouvman protestasyon ki te fèt devan ajans yo nan Delmas 34, jounen 4 novanm 2026 sa a.

Daprè direktwa de enstitisyon sa yo, gen yon gwoup anplwaye ki kite moun deyò manipile yo pou kreye dezòd sou lavwa piblik. Dirijan yo deklare yo pa gen anyen pou wè ak aksyon sa yo ki vin sal imaj enstitisyon an.

Sou kesyon lajan yo ta dwe anplwaye yo, CTE-RMPP ak OREPA-Ouest di se manti. Yo konfime tout pèsonèl la te deja resevwa salè yo jiska dat 15 oktòb 2026.

Pou fini, de estrikti sa yo reyafime yo pral pran gwo sanksyon disiplinè kont tout anplwaye ki enplike nan dezòd sa a, dapre sa lalwa ak règleman entèn yo di. Yo mande lapolis ak lajistis tou pou yo pran tout mezi nesesè kont nenpòt moun ki ta vle twouble lòd piblik la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Élections : la vérification des candidatures au cœur de vives controverses juridiques et administratives

Alors que les opérations de dépôt et de vérification des pièces de candidature auprès des …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager