Komès zangi: Yon òganizasyon jounalis egzije klarifikasyon nan men lajistis ak ONU.

Réseau haïtien des journalistes anti-corruption (RHAJAC) pibliye yon nòt pou laprès jounen 9 novanm 2026 la pou mande otorite jidisyè ayisyèn yo ak Nasyon Zini (ONU) ouvè ak pouse envestigasyon yo sou yon seri akizasyon ki konsène ekspòtasyon timoun, zangi, blanchiman lajan ak lòt trafick sispèk ki ap fèt nan peyi a.

Nan dokiman sa a ki pote siyati sekretè jeneral li, Djovany Michel, òganizasyon an lonje dwèt sou plizyè moun, tankou Walson Sanon, Fritz Richardson Junior ak Betty Lamy, ke li prezante tankou moun ki ta nan tèt rezo sa. Selon RHAJAC, komès zangi sa a ta sèvi kòm kouvèti pou aktivite ilegal, tankou trafik dwòg ak dout sou trafik ògàn, de akizasyon ki mande reprezantan lajistis yo fouye zo nan kalalou ak verifikasyon ki nesesè yo.

Nòt de près la tounen tou sou wòl sispèk ansyen senatè Moïse Jean-Charles ta genyen nan dosye sa a. Selon ankèt RHAJAC di li reyalize, rezo sa a ta kòmanse vèse nan mwa jen 2024 yon pati nan yon sòm 3 milyon dola ameriken bay ansyen palmantè a pou yo te ka gen kontwòl sektè zangi an, yon domèn ki anba titèl Ministè agrikilti, Resous natirèl ak devlopman riral (MARNDR).

RHAJAC rapòte tou deklarasyon Moïse Jean-Charles te fè sou radyo Magik 9 nan dat 10 jiyè 2024, kote li te rekonèt li te gen enfliyans sou nominasyon nan tèt ministè sa a (Vernet Joseph) epi li te deklare li te refize òf ki te rive jiska 100 000 dola ameriken pou pèmi ekspòtasyon. Men, òganizasyon jounalis yo soutni ke refi sa a ta ka esplike pa lòt vèsman ki te deja fèt avan sa.

Sou nivo entènasyonal, RHAJAC fè referans ak rapò final « Groupe d’experts des Nations unies » sou Ayiti (referans S/2026/714) ki te rann piblik nan mwa septanm 2026. Dapre lekti òganizasyon an fè nan rapò sa a, se sèlman non Moïse Jean-Charles ki site nan pati ki konsène kontrebann sa yo. RHAJAC estime yon sèl moun pa ka konstitiye yon rezo epi li mande pou Nasyon Zini pibliye non lòt moun ki ta enplike yo.

Nòt la souliye tou ke komès zangi sa a ta gen yon dimansyon entènasyonal kote peyi tankou Repiblik dominkèn, Etazini ak Kanada ta sèvi kòm zòn tranzit pou voye pwodui sa yo nan kontinan azi tankou Chin, koredinò, Taïwan ak Japon. Òganizasyon an mande yon koperasyon ant lajistis ayisyèn ak otorite etranjè sa yo pou retrase sikwi finansye yo.

Pou fini, RHAJAC mande pou jij enstriksyon Me Benjamin Felismé, ki te deja tande Walson Sanon, Betty Lamy, Moïse Jean-Charles ak Fritz Richardson Junior, rann òdonans li nan dosye sa a pou lajistis ka swiv kou li.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Ensekirite : CNDDR rapòte se sèlman nimewo 122 a ki disponib pou depoze zam.

Komisyon Nasyonal pou Dezameman, Demantèlman ak Reyensèsyon (CNDDR) soti nan silans li pou li bay …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager