Enstitisyon lapolis la plonje ankò nan gwo dlo nan je jounen vandredi 29 me 2026 sa. Pandan Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal peyi Dayiti (PNH) te ap fete avèk fyète seremoni gradyasyon 36yèm promosyon an, yon move nouvèl te tonbe tankou yon kout kouto nan do enstitisyon an : Twa jandam vanyan ak Yon brigadye pèdi lavi yo anba bal bandi nan zòn Mòn Robè, nan komin Senmak.
Viktim yo se de ajan nan Inite Tanporè Antigang (UTAG), yon ajan nan Brigad Entèvansyon Motorize (BIM) ak yon brigadye. Yo tonbe anba men manm gang « Gran Grif » ki baze nan zòn Savyen.
Dapre premye enfòmasyon ki disponib yo, polisye sa yo te abò yon machin ki fè yon aksidan sikilasyon nan lokalite Mòn Robè. Kriminèl ame yo pwofite sitiyasyon frajilite ajan yo apre aksidan an pou yo atake yo epi egzekite yo frèt.
Pou fini ak zak kriminèl sa a, bandi yo pati ak kadav kat malere sa yo. Pou koulye a, kò polisye yo toujou nan men gang Savyen an.
Trajedi sa a rive nan yon moman trè senbolik e ki bay gwo doulè. Se nan menm jounen vandredi sa a PNH te ap prezante bay popilasyon an nouvo vanyan gason ak fanm ki fèk soti nan lekòl polis la pou vin ranfòse sekirite peyi a.
Pandan otorite yo te ap pale de espwa ak sekirite nan seremoni an, reyalite di sou teren an nan depatman Latibonit la vin montre yon lòt fwa ankò gwo danje ak defi kolosal ki ap tann nouvo polisye yo devan gang ame yo ki ap simen terè nan peyi a.
Jiskaprezan, Direksyon Jeneral lapolis la poko bay okenn deklarasyon ofisyèl sou estrateji yo pral mete an plas pou rekipere kò viktim yo ni sou dispozisyon yo pral pran pou garanti sekirite nan zòn Ba Latibonit la ki tounen yon lanfè pou sitwayen yo.
Echojounal echojounal.net