Fanm Mibalè a met Pari nan pòch li: Corventina reyalize yon triple istorik, Lyon chanpyon Première Ligue Arkema

Yon semèn apre desepsyon yo te pran nan final Lig lafrik dè chanpyon an fas ak FC Barcelone, ekip Olympique Lyonnais a jwenn bon fòmil la pou li rebati moral li. Sa pase an gwo tonton fason jodi vandredi 29 me 2026 la nan Parc Olympique Lyonnais, kote medam Lyon yo kraze Paris FC nèt ale (5-0) nan okazyon final playoffs Première Ligue Arkema a. E si gen yon non tout moun ap repete nan lari an Frans aswè a, se non entènasyonal ayisyen an, Melchie Daëlle Dumornay, ki flanke yon triple espektakilè pou li bay ekip li a tit la.

‎Titilè nan pwent atak klèb lyonè a, jèn grenadyè a, ki pote ti non jwèt « Corventina », tounen yon vrè tonton makout pou defans parizyen an. Li klere match la ak tout klas li epi konfime, yon fwa anko, se li ki lannwit ak lajounen ekip sa a.

‎Match la te demare sou yon gwo vitès kote medam Lyon yo te mèt teren an depi nan premye siflèt la. Atakan malyèn nan, Tabitha Chawinga, pa te pran tan pou li louvri nòt la depi nan 11yèm minit. Sis minit sèlman apre, Chawinga tounen ankò pou li make dezyèm gòl li sou yon bèl pas Lindsey Horan (17e).

‎Pandan tan sa a, Corventina te ap bay defans advès la gwo tèt makak. Nan 22yèm minit, li te pwofite monte nan fèt la lè li te make twazyèm gòl Lyon an, sa ki te pèmèt ekip li a al nan boks la ak yon bèl avantaj 3-0.

‎Lè dezyèm peryòd la rekòmanse, Pari pa te janm ka jwenn fren pou kanpe machin Sonia Bompastor a. Nan 60yèm minit, zetwal ayisyen an tounen vin bat gadyen Chiamaka Nnadozie yon dezyèm fwa pou li te monte nòt la nan 4-0.

‎Men, natif natal Mibalè a pa te soti pou li te rete la. Pandan match la te ap pwoche nan bout li, Corventina te fini travay la ak yon twazyèm gòl pèsonèl, yon triple majistral ki sele viktwa eklatan (5-0) sa a.

‎Gras ak gwo kout bit sa a nan men panyòl ayisyen an, Olympique Lyonnais konsève kouwòn li epi fini sezon an an bote sou sèn nasyonal la. Pou Corventina, se yon lòt prèv ki montre li gen nivo pou li chita sou tab pi gwo jwè sou planèt la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Sport/Mondial 2026 : Néstor Lorenzo dévoile les 26 de la Colombie, James et Luis Díaz en chefs de file

La Fédération colombienne de football a officialisé ce lundi 25 mai 2026 la liste des …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager