Ayiti/Ensekirite : CNDDR rapòte se sèlman nimewo 122 a ki disponib pou depoze zam.

Komisyon Nasyonal pou Dezameman, Demantèlman ak Reyensèsyon (CNDDR) soti nan silans li pou li bay yon demanti fòmèl sou enfòmasyon ki ap sikile kote yo ta fè konnen yo nan diskisyon ak gwoup ame « 400 Mawozo ». Nan yon nòt pou laprès li pibliye jou ki te 7 novanm nan, enstitisyon an rache tout dout : li pa janm resevwa ni korespondans ni okenn demann ofisyèl nan men chèf gang Wilson Joseph, alias « Lanmò San Jou ».

Reyaksyon sa a vini yon jou apre piblikasyon yon kominike ki te pote dat 6 novanm, kote biwo kominikasyon « Lanmò San Jou » te fè konnen yo ta pran kontak ak CNDDR nan lide pou angaje yon dyalòg ki ta dwe mennen nan lapè, estabilite ak konsilyasyon nasyonal. CNDDR demanti enfòmasyon sa yo e li presize okenn demach konsa pa janm fèt.

Malgre li voye jete posiblite pou ta gen nenpòt chita-tande ak gwoup kriminèl yo, CNDDR pwofite okazyon an pou li voye yon mesaj klè bay tout moun ki gen zam ilegal : yo dwe depoze zam yo san kondisyon. Komisyon an rapòte gen mekanis ak estrikti ki la pou akonpaye moun ki vle kite kriminalite a, espesyalman atravè nimewo vèt 122 la.

Sepandan, CNDDR mete yon aksan patikilye sou kesyon jistis la. Enstitisyon an avèti tout moun ki enplike nan aksyon vyolans ak aktivite kriminèl yo yo p ap ka chape anba lalwa : yo ap gen pou yo reponn pou zak yo devan tribinal yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Komès zangi: Yon òganizasyon jounalis egzije klarifikasyon nan men lajistis ak ONU.

Réseau haïtien des journalistes anti-corruption (RHAJAC) pibliye yon nòt pou laprès jounen 9 novanm 2026 …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager