Ayiti/Edikasyon/Manifestasyon: Plizyè dizèn elèv nan Jakmèl pran lari jounen lendi 9 septanm 2026 la.

Yon gwo mouvman pwotestasyon pete jounen lendi 9 novanm 2026 la nan vil Jakmèl. Plizyè elèv ki soti nan lise Pinchinat ak lise Célie Lamour desann nan lari a pou mande pou kou yo rekòmanse, apre plis ke twa semèn kanpe akòz grèv anseyan yo.

Avèk pankat nan men yo, anpil slogan, manifestan yo denonse sitiyasyon yo ki konplike anpil pandan egzamen yo prèske rive sou yo, yo pa sèlman denonse pwofesè yo pa ka jwenn nan sal klas yo, yo mande yon lòt tretman pou elèv lise yo, yo menase ret nan lari a si otorite defakto yo ki nan tèt edikasyon an pa pran yon desizyon pou rezoud kriz la.

Fas ak tansyon sa a, Direktè Depatmantal Edikasyon Sidès la, Mascary Lévêque, anonse yon solisyon rapid. Li konfime distribisyon chèk pwofesè yo epi pwomèt yon retou rapid elèv yo nan sal klas yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Komès zangi: Yon òganizasyon jounalis egzije klarifikasyon nan men lajistis ak ONU.

Réseau haïtien des journalistes anti-corruption (RHAJAC) pibliye yon nòt pou laprès jounen 9 novanm 2026 …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager