‎Ayiti/Eleksyon/Detay: Plis pase 628 mil elektè deja enskri pou pwochen eleksyon yo.

Konsèy Elektoral Provizwa a (KEP) pibliye yon nòt enfòmatif jounen lendi 21
‎septanm 2026 la pou fè yon eta sou kòman preparasyon pwosesis elektoral la ap mache nan peyi a. Pwen prensipal yo montre yon avansman nan enskripsyon elektè yo, validasyon pati politik yo ak fòmasyon pèsonèl ki pral jere vòt la.

‎Nan tout peyi a, gen presizeman 1 285 Sant Enskripsyon ak Vòt (CIV) ki deja sou pye nan 10 depatman yo. Rive jodi a, sant sa yo rive anregistre plis pase 628 755 elektè.

‎Sou plan politik la, KEP la konfime gen 30 mezon politik ki akredite pou pran pa nan kous la. Sektè sa a konpoze ak 18 pati politik epi 12 gwoupman politik ki deja remèt lis ak 30 000 manm yo chak ki te mande nan kondisyon yo.

‎Konsènan moun ki ap kouri pou pòs elektif yo, platfòm elektoral la genyen :
‎7 kandidati pou fotèy prezidansyèl la,
‎162 kandidati pou post senatè,
‎ 419 kandidati pou chanm depite a.

‎Pou asire bon dewoulman ak sekirite jou vòt la, enstitisyon elektoral la rapòte li deja fòme 2 853 ajjan rejis elektoral, ansanm ak 4 643 ajjan sekirite.
‎ Paralèlman, pou jere tout kontestasyon ak diskisyon legal ki ka genyen sou rezilta yo, gen plis pase 1 000 komisè ak jij elektoral ki resevwa fòmasyon adekwat pou okipe pati kontansye a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Joseph Félix Badio et 17 anciens militaires colombiens transférés vers les États-Unis

‎Un rebondissement majeur vient de s’opérer dans l’enquête sur l’assassinat du président haïtien Jovenel Moïse, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager