Brasserie nationale d’Haïti (BRANA) anonse sispansyon pou yon ti tan tout aktivite li akòz sitiyasyon sekirite a ki pa sispann detòryore nan peyi a. Konpayi an mete sekirite anplwaye li yo an premye e fè konnen li ap tann kondisyon yo reyini an akò avèk otorite yo anvan li relanse operasyon li yo.
Sepandan, desizyon sa a vini ak yon silans total sou dat li ap pran pou li retounen sou mache a ak enpak sa pral genyen sou apwovizyonman pwodui tankou byè Prestige ak dlo.
Nan mitan kriz sa a, gen yon lòt desizyon otorite yo ak konpayi an pran ki fè anpil moun nan popilasyon an pa konprann e ki pwovoke anpil kòlè. Pandan katye popilè yo ap tranble anba bal ak vyolans gang ki bloke tout lari, popilasyon an remake yo kontinye ap pran taks ak dwàn sou sèten machandiz ki rive antre, oubyen yo wè konpayi yo fèmen pòt yo pandan yo kontinye mande kliyan ak ti komèsan pou yo peye dèt yo ak enterè nan menm kondisyon difisil sa yo. Anpil sitwayen santi yo anbandone e yo pa konprann ki jan leta ka kontinye egzijans fiskal pandan li pa kapab ofri yo ni sekirite ni yon minimòm estabilite pou yo viv ak travay ak tèt frèt.
Echojounal echojounal.net