Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) fè konnen gen yon gwo ralonj ki mete sou kad regilasyon sektè jwèt aza ak lajan an Ayiti. Nan yon avi yo pibliye jounen 5 novanm 2026 la, ministè a fè konnen nouvo dekrè ki reglemante domèn nan te parèt nan jounal ofisyèl « Le Moniteur » depi 21 out pase a.
Mwayen sa a pote de gwo chanjman fondamantal: premye a se kreyasyon Otorite Nasyonal Jwèt aza ak lajan (ANJHA), ki vin sèl mèt a abò pou kontwole ak sipèvize kazino, kay pari, bank bòlèt ak tout lòt jwèt ki sanble ak yo sou tout teritwa nasyonal la. Dezyèm lan se Direksyon Jeneral Enpo (DGI) ki vin tounen sèl administrasyon ki gen dwa ranmase taks ak frè lisans pou gouvènman an. MEF mande tout operatè yo pou yo pa bay pyès kòb andeyò liy ofisyèl sa yo, yon fason pou pote plis transparans epi konbat blanchiman lajan ak finansman teworis.
Men, desizyon sa fè poze anpil keksyon nan mitan popilasyon an ak nan mitan aktè ki ap swiv ekonomi an de prè.
Pandan plizyè deseni, se te Lotri Leta Ayisyen (LEH) ki te gen misyon pou kontwole epi reglemante sektè jwèt ak lotri nan peyi a. Avèk mete sou pye ANJHA ki gen sou kont li tout gwo kad regilasyon ak kontwòl jwèt aza yo (san wete kazino ak bank bòlèt yo), kesyon an poze pou konnen kisa ki rete kòm atribisyon pou LEH.
Eske Leta pral fonn LEH nan nouvo otorite sa a, oubyen li ap redefini wòl li pou li tounen yon senp operatè oubyen yon patnè nan nouvo sistèm nan? Pou kounye a, otorite yo poko bay yon presizyon klè sou avni estrikti istorik sa a, sa ki kite anpil obsèvatè nan flou konsènan pouvwa reyèl LEH ap genyen devan nouvo gwo jeyan regilasyon sa a (ANJHA).
Dezyèm gwo kesyon ki parèt nan lespri tout moun se entansyon dèyè refòm sa a. Lè yon otorite deside mete lòd epi koupe tout wout nan sikilasyon lajan kach ak peman taks lè li mande pou tout lajan lisans pase sèlman nan DGI.
Èske gouvènman an ap chèche sèlman ranpli kòf Leta a ki vid nan moman an gras a lajan ki te konn koule nan ravin nan sektè enfòmèl la? Oubyen li ap eseye reponn ak presyon entènasyonal sou kesyon transparans ak kontwòl lajan sal? Oubyen yo ap chache lajan pou finanse kanpay kandida yo nan pwochen eleksyon yo?
Kit se youn kit se lòt, gouvènman an sanble vle montre l gen men li sou yon sektè ki te toujou ap fonksyone nan yon gwo dezòd total. Men, kesyon an rete pou konnen: èske li ap gen kapasite pou li aplike mezi sa yo toutbon sou teren an fas fòs enterè ki deja an plas yo?
Echojounal echojounal.net