Ayiti/Sekirite : Almay deside bay jarèt ak fòs mentyen lòd yo nan peyi a epi chèche elaji koperasyon li.

‎525 tòn ekipman ak founiti rive nan peyi a. Materyèl sa yo, ki soti dirèkteman nan peyi Bengladèch, vini pou kontenjan li yo ki anndan Fòs de Represyon des Gang (FRG) la. Operasyon lojistik sa a te posib gras ak yon gwo finansman gouvènman alman an mete sou tab la.
‎
‎Dapre detay ki soti nan yon kominike anbasad Almay pibliye nan dat 5 novanm 2026 la, materyèl la te pran yon wout estratejik : li te soti Bengladèch, li te fè yon eskal nan Repiblik Dominikèn anvan yo te trennen li pa wout maritim soti nan pò Haina pou rive tou dwat nan peyi Dayiti. Operasyon sa a te reyalize gras ak kòdinasyon Biwo « d’Appui des Nations Unies en Haïti (UNSOH) », avèk kolaborasyon otorite dominiken yo.
‎
‎Nan menm kominike a, anbasad alman an raple Berlin gentan angaje anviwon 445 milyon dola ameriken an favè @FRG la, sa ki fè peyi a vin dezyèm pi gwo kontribitè finansye nan efò sa a.
‎Èd sa a montre angajman kominote entènasyonal la pou ede retabli sekirite ak Leta dwa sou tout teritwa nasyonal la.
‎
‎Men, sipò Almay la pap rete sèlman nan domèn sekirite. Nan moman peyi a ap fè fas ak gwo defi imanitè ak enfrastrikti, Berlin gen entansyon elaji koperasyon li nan plizyè lòt sektè kle.
‎
‎Semèn sa a menm, anbasadè alman an, @Maike Friedrichsen, te fè yon reyinyon enpòtan ak yon delegasyon ki soti nan *Technisches Hilfswerk* (THW), ajans federal alman pou sekou teknik, apre yon misyon eksploratwa yo te fè nan peyi a. Diskisyon yo te sitou vire sou posiblite pou entèvansyon nan domèn :
‎ * Sektè enèji
‎ * Apwovizyonman an dlo
‎ * Asenisman
‎ * Lojistik
‎
‎Avèk demach sa yo, Almay sanble vle mete aksan sou yon akonpayman ki konbine tou de sekirite ak devlopman dirab pou ede popilasyon an sou plizyè fwon an menm tan.
‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Paraguay : Démission du président Santiago Peña, un allié clé des États-Unis

Le président conservateur du Paraguay, Santiago Peña, a annoncé jeudi sa démission, emporté par un …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager