Yon nouvo tanpèt diplomatik ak militè ap souke dosye sekirite peyi Ayiti a. Dapre enfòmasyon ki soti nan medya ameriken Axios, gen gwo tansyon ki vin kreye ant gouvènman El Salvadò ak reprezantan diplomatik Lèzetazini yo nan Pòtoprens, apre yon seri aksyon operasyonèl sou teren an ki mete chalè sou relasyon de peyi sa yo.
Tout bagay te kòmanse 31 oktòb dènye, lè yon konvwa sòlda salvadoryen te tonbe anba bal gang ame tou pre anbasad amerikèn nan. Pandan fiziyad sa a, gen frap bal ki te menm touche batiman anbasad la. Kèk jou apre, nan dat 3 novanm 2026, elikoptè salvadoryen te dwe antre an aksyon rapid pou repouse kout bal gang yo ki te ap atake sòlda « Force de Réflexion et de Gestion » (FRG) yo.
Olye pou aksyon konbatif sa a ta jwenn konpliman pou jan li kontrekare kriminèl yo, li pito dechajye yon kòlè diplomatik bò kote Lèzetazini.
4 novanm 2026, Chaje dafè ameriken an, David Howell, te gen yon rankont kote li te pote plent bay Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé. Nan yon seri mesaj Axios di li gen kopi yo, diplomat ameriken an te reproche El Salvadò paske li pa kòdone operasyon li yo ak FRG a. Howell te ale pi lwen toujou nan di sòlda salvadoryen yo te gen omwen twa moun blese san yo pa te gen okenn plan pou pran swen medikal yo, epi li te akize yo kòmkwa yo te manke touye sòlda FRG yo.
Fas ak sa, diplomasi ameriken an mande gouvènman haïtien an pou li egzije Ministè Defans El Salvadò sispann tout operasyon yo imedyatman, jiskaske gen yon kòdinasyon klè ak FRG a. Howell fè konnen si sa pa fèt, gen risk pou sòlda salvadoryen yo touye manm FRG, sivil, oswa pou yo touye tèt pa yo.
Men, aksyon sa a bò kote chaje dafè ameriken an leve anpil kontestasyon ak sipriz. Nan yon moman kote pèp ayisyen an ap toufe anba menm gang sa yo ki pa sispann pran teritwa ak detwi lavi, anpil moun ap mande poukisa se sou moun ki vin reprann kontwòl teren an pou yo mete fren, nan plas pou yo ta pote ranfò ak pi bon plan sekirite?
Gouvènman El Salvadò a pa te pran tan pou li te reponn. Yo akize chaje dafè ameriken an kòm moun ki ap bay enfòmasyon ki fo. Jou ki te 5 novanm nan, Anbasad Etazini nan El Salvadò te voye yon nòt pwotèstasyon bay gouvènman Nayib Bukele a yon dokiman diplomatik ki, dapre sous Axios yo, te lakòz yon gwo kòlè nan men prezidan salvadoryen an.
Nan mitan gwo batay diplomatik sa a, se peyi Ayiti ki rete nan twou san fon an. Kounye a, tout je yo fikse sou reprezantan peyi a nan Pòtoprens:
* Èske Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, pral kouri obeyi demand Chaje dafè ameriken an pou li kòmande sispansyon operasyon El Salvadò yo?
* Èske gouvènman an ap chwazi pliye devan presyon diplomatik sa a, pandan li konnen byen pwòp pèp li a rete san pwoteksyon devan fòs nwa gang yo?
Pandan administrasyon ameriken an ap mande sispann operasyon pou rezon « kòdinasyon », sou teren an, popilasyon an pa gen tan pou tann diplomasi ki pa fini. Pliye devan presyon sa a san yon altènatif solid sou teren an ta ka vle di kite peyi a plonje pi fon nan anachi ak nan menm sitiyasyon lanfè li ye depi kèk ane a.
Echojounal echojounal.net