Depi vè 5 è nan maten jedi 12 novanm 2026 lan, eleman fòs militè salvadoryen ki deplwaye an Ayiti yo pran pozisyon nan estad Sylvio-Cator, nan santvil Pòtoprens. Dapre plizyè enfòmasyon ki ap sikile sou teren an, gen gwo mouvman twoup tou ki obsève nan zòn ki toupre Vilaj de Dye ak mache Salomon.
Prezans militè sa a fèt nan yon koridò estratejik ki sitiye nan pòt antre sid kapital la. Zòn ki relye estad nasyonal la, mache Salomon ak Vilaj de Dye se youn nan sektè ki pi sansib nan rejyon metwopolitèn nan, kote gwoup ame kowalisyon Viv Ansanm gen gwo baz depi plizyè lane, sa ki te menm fòse estad Sylvio-Cator fèmen pòt li epi abandone.
Mouvman sa a rive nan yon kontèks kote fòs salvadoryen yo ki konte plis pase 2 000 sòlda sou teren an depi fen mwa oktòb 2026 la entansifye operasyon yo nan zòn metwopolitèn nan pou reprann kontwòl espas ki anba men gang ame yo.
Jiskaprezan, okenn nòt ofisyèl pa ko pibliye ni bò kote kòmandman fòs salvadoryen an, ni bò kote otorite ayisyen yo pou presize objektif egzak deplwaman sa a oswa si gen afwontman ki deja eklate nan sektè a. Sitiyasyon an rete anba gwo siveyans nan tout anviwònman santvil Pòtoprens.
Echojounal echojounal.net