Yon gwo operasyon konjwen demare byen bonè jedi maten jedi 19 novanm 2026 la nan katye Matisan ak Vilaj de Dye, nan antre sid Pòtoprens. Sòlda salvadoryen yo, ansanm ak inite espesyalize Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) ak Fòs Lame Dayiti (FAd’H), ap mennen yon ofansiv nan fief gwoup ame yo.
Entèvansyon sa a vize reprann kontwòl antre sid kapital la ak wout Nasyonal nimewo 2 a, ki bloke depi plizyè lane pa kowalisyon gang ame, pami yo gwoup « 5 Segond ». Li fèt nan kontinite dènye manèv fòs sekirite yo ak militè salvadoryen yo te deja kòmanse nan anba lavil la, nan alantou estad Sylvio Cator ak Matisan depi kòmansman mwa novanm nan.
Sikilasyon an paralize nèt nan sektè Bisantnè ak Matisan, epi popilasyon an envite pou evite tout perimèt operasyon an. Jiskaprezan, otorite polisye ak militè yo poko pibliye okenn bilan ofisyèl.
Echojounal echojounal.net