Pou premye soti li nan Koup dimond Kata 2026 la, seleksyon ayisyèn nan pa rive kenbe kont Lafrans, li pèdi (3-1). Macenat Prophète make grenn gòl ble-ak-wouj yo.
Depi lè abit la soufle pou kòmanse match la, Fransè yo montre aklè sa yo vin chèche. Yo jwenn chemen gòl la byen bonè. Sou yon bon balon li resevwa nan sifas la, Loan Merrifield pa te pèdi tan pou li louvri eskò a (5e minit). Nan kan ayisyen an, jwèt la pa te byen demare ; jwè yo te gen anpil pwoblèm pou yo kontwole balon an.
Apre premye trant minit yo, ti Grenadye yo eseye leve tèt yo. Sou yon kònè Miguel Joseph byen tire, Kiki Ramos ki te kanpe nan premye poto a te panse li mete match la a egalite. Sepandan, abit la anile gòl la paske balon an te deja soti sou liy teren an. Jis anvan yo rantre nan vestyè, Lafrans vin ogmante avantaj li : sou yon bèl pas an pwofondè Traoré bay, Merrifield fè doublè a (41e minit).
Kèk minit apre retou nan dezyèm peryòd la, ble-ak-wouj yo pran yon twazyèm gòl. Se Noha Thiehi ki make l (3-0), yon match ki te sanble yon ti pwomnad sante pou ekip trikolò a. Plizyè fwa, jèn ayisyen yo eseye jwenn yon brèch. Kowsky Sainvil fè plizyè ranplasman pou li te mete plis enèji ak dinamik nan gwoup li a. Efò yo fini pa bay don : sou yon pas byen mezire Miguel Joseph fè, Macenat Prophète redui diferans lan nan fen match la (88e minit). Lafrans ranpòte viktwa a (3-1).
Pou pwochen sòti li, seleksyon ayisyèn nan ap eseye rachte tèt li fas ak Irigwe nan dat 22 novanm 2026 ki ap vini la.
Echojounal echojounal.net