Diplomasi /Ayiti /Etazini : Austin Holmes fikse twa gwo priyorite pou misyon li kòm anbasadè ameriken.

Pandan pasaj li devan Komisyon afè etranjè sena ameriken an, Austin Holmes, ki deziyen kòm pwochen anbasadè Etazini nan peyi a, prezante misyon li. Diplomat la idantifye twa (3) priyorite esansyèl pou akonpaye peyi a : sekirite, eleksyon ak ekonomi.

Nan entèvansyon li yo devan senatè ameriken yo, Austin Holmes mete aksan sou ijans pou retabli otorite Leta a. Li pwomèt pou li ranfòse sipò Etazini bay Lapolis Nasyonal la (PNH) nan batay pou demantle gwoup gang ame yo ki ap simen latwoublay nan peyi a.

Pi lwen pase operasyon sou teren an, anbasadè deziyen an anonse li konte travay pou ranfòse sanksyon yo non sèlman kont chèf gang yo, men tou kont tout moun oswa rezo ki ap finanse yo epi bayo zam.

Dezyèm ak twazyèm pilye misyon Austin Holmes chita sou òganizasyon eleksyon ak relans ekonomik peyi a. Pou diplomat la, li enpòtan pou Ayiti reprann chemen demokratik la atravè eleksyon kredib, sa ki endispansab pou rekonstwi enstitisyon yo epi kreye yon klima ki favorab pou envestisman ak devlopman ekonomik.

Pou reyalize objektif sa yo, Austin Holmes deklare li konte anpil sou eksperyans li deja genyen nan peyi Dayiti. Selon li, konesans sa a sou reyalite sosyal, politik ak sekirite peyi a ap pèmèt li aji pi vit e pi efikas pou ede Ayiti jwenn lòd konstitisyonèl, lapè ak estabilite dirab.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Gwo operasyon militè nan Matisan ak Vilaj de Dye maten jedi 19 novanm 2026 la.

Yon gwo operasyon konjwen demare byen bonè jedi maten jedi 19 novanm 2026 la nan …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager