Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) fè konnen peryòd enskripsyon an liy pou kandida nan kolektivite teritoryal yo ap pran fen lendi 30 novanm 2026 la, a minwi. Sepandan, enstitisyon elektoral la presize kandida sa yo ap gen posiblite depoze pyès yo nan divès biwo elektoral kominal (BEK) yo jiska 30 desanm 2026.
Nan yon nòt pou laprès ki soti jedi 26 novanm 2026 la, KEP raple tou delè ki te fikse pou kandida nan nivo nasyonal yo sètadi pou prezidan, sena ak depitasyon ap rive nan bout li lendi 30 novanm 2026 sa a. Nan kad sa a, tout postilan nan pòs sa yo dwe fin remèt dokiman ki egzije yo anvan dat limit la pase.
Rapèl sa a vini nan moman kote pwosesis elektoral la ap antre nan yon faz desizif, alòske plizyè aktè politik ap mande plis souplès nan kalandriye a pou pèmèt tout kandida reyini pyès administratif yo.
Echojounal echojounal.net