AYITI/EKONOMI: GWO BOUCH LOUVRI NAN BIWO TRANSFÈ YO KI PA VLE BAY DOLA.

Nan yon vire won Echojounal fè devan kèk biwo transfè nan kapital peyi Dayiti jounen lendi 8 jwenn 2020 an se gwo bouch louvri ant kesye yo, sekirite yo ak moun ki vin chache yon ti tchotcho ki soti nan peyi lòt bò dlo.

Bouch louvri sa vini devan prèske tout biwo yo, ki di yo pa gen dola e ki chwazi bay moun yo goud, sa ki pa fè moun yo plezi ditou poutan si yon moun vin achte dola yo ba li selon sa moun yo fè konnen, moun yo denonse biwo transfè yo ki pa gen menm to dijou ak BRH e selon moun yo chak biwo yo gen to pa yo pou chanje lajan an, yon enfòmasyon nou menm nou ta pral konfime apre vire won an.

Gen kèk biwo sekirite yo oblije itilize fòs pou mete moun yo deyò ki move kou kong.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …