PREZIDAN AMERIKEN AN AK PREZIDAN KORE DINÒ A DEJA NAN PEYI SENGAPOU POU YON RAKONT KI POTE NON SOMÈ SENGAPOU.

Prezidan Ameriken an Donald Trump ak dirijan Kore Dinò a Kim Jong-un rive ayè dimanch 10 me 2018 la  nan peyi Singapou kote de (2) dirijan yo pral tante jwenn yon antant nan yon rankont madi 12 jwen 2018 kap vin la sou kesyon denikleyarizasyon penensil nò koreyen an.

Prezidan ameriken an ki pat tann somè G7 la fini pou tal pran vòl pou peyi Singapou poko fè okenn deklarasyon.

Donal trump desann nan yon otèl shangri ki sitiye a di  (10) minit distans ak residans Kim jong-un lan men yo pa gen dwa rankontre avan madi a 9h

Kòmansman aktivite pral deroule sou yon ti zil ki rele Sentosa nan bè de sengapou. Sèl rankont ki gen nan ajanda pou kounye a la se prezidan ameriken an ak premye minis Sengapou a Lee Hsien

Lee Hsien long anonse ke òganizasyon rankont sa koute yo 20 milyon dola nan Sengapou donk 5 milyon konsakre pou sekirite yo.

 

Desrochesverdelines001@gmail.com

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …