Anpil Fi preokipe pou vajen yo lè yo fini fè pitit, nou vle pote yon ti konsèy pou Mesye yo.*

*SANTÉ PLUS*

*PDG::::::*. DAMAS STERING*

*TEL::::::* *40813514*

*?Anpil Fi preokipe pou vajen yo lè yo fini fè pitit,nou vle pote yon ti konsèy pou Mesye yo.*

✅Aprè w fini akouche vajen w ap vini pwan fòm li te ye a, men pa espere ke lap vin tankou yon fi ki poko fè pitit osinon wap vini vyèj ankò???

✔Ou ka pwan 3 semen avan sa nou rele « angrenay « nan langaj manman nou an vini parèt anko ,tonalite misk vajen an ap diminye ,li pap ka sere peni an menm jan l te konn fèl avan pou bay patnè w la plezi e se yon bagay ki nòmal nan chak fi ki fè pitit.

✔Mesye met sa nan tet nou depi patne w la fin akouche ap gen ti chanjman nan kòl ,pa bay Madam nou pwoblèm si nou ta we pom nan pagen menm gou an ..

✅BOUBOUN LI vin pa menm jan ankò ,wap di li pa gen angrenay ,ou vle kitel, ou twouvel fini,ou pa anvil ankò,ou pa menm konnen aprè akouchman si se yon fè nomal ke vajen an ap fè ti dilate * »INYORAN »*

✅TETEL VIN PLAT,ou gentan pa bezwenl anko,ou bliye si se plis ke 6 mwa alètman li te fè pou kenbe pitit ou an sante, * »EGOYIS »*

✅LI VIN BOUT PATAT ,ou gentan wè li pa Fanm sòti ankò,li paka fè laplanch nan pisin,ou bliye si se gwosès la,estrès ki anparel ki metel konsa,regade fotol wap wè komanl te sexy, * »MEMWA POUL »*

✅ANBA VANT LI PLISE, li gentan repinyan pou ou,li tounen yon manje san sèl nan bouch ou, ou gentan wè yon lòt ki gen pi bèl vant swa. * »ENGRA »*

✅GWO SIKATRIS ANBA VANT li a fèw detestel,ou paka karesel anko, li baw kè plen ,li gentan Fanm fènwa pou ou, ou bliye si se sezaryèn li te fè mete vil nan risk pou sove bèl ti pitit Fi nou an * »SAN KONSYANS »*

-✅Fanm asepte chanje kòl , bliye tèt li,poul bay vi ak yon lòt kreyati, nou dwe respekte sa, bay moun nan tout enpotans li , pa minimizel , pa jourel ni pa nwil pou gwosè sakrifis sa li fè pou nou.

*✅Pataje ribrik sa pou retire anpil neg nan iniorans ….*

* »Dr Casseus Djezy »*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …