Premye pitit gason defen prezidan Jovenel Moïse, Joverlin Moïse, revele li te pran nan yon anbiskad aprè asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an. Pitit gason, defen Jovenel Moïse la, esplike li te pran nan yon anbiskad nan moman li …
Li Plis »AYITI/ASASINA: DIPLOMAT AMERIKEN AN DANIEL FOOTE LAGE PREMYE MINIS DEFAKTO A ARIEL HENRY NAN GWO KOURI.
Diplomat ameriken, Daniel Foote, nan yon entèvyou ak medya ameriken « CBS », jounen vandredi senk (5) novanm 2021 an, pa etire inosans premye minis Ariel Henry nan asasinay defen Jovenel Moïse. » Premye minis defakto Ariel Henry, dwe bay bon jan esplikasyon ak pèp ayisyen an sou asasinay ansyen prezidan Jovenel …
Li Plis »AYITI/ POLITIK : BRANCH SEKTÈ DEMOKRATIK NIP AK GWOUP « REMETE REZISTANS » MANDE PM ARIEL HENRY POU FÒME NOUVO GOUVÈNMAN AN
Nan yon konferans pou laprès jounen jedi kat (4) novanm 2021 an, manm Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) nan depatman Nip ak gwoup « REMETE REZISTANS » mande ak premye minis Ariel Henry, pou fòme nouvo gouvènman jan sa te siyen nan akò onz (11) septanm lan. Youn nan manm Sektè …
Li Plis »AYITI/NOFRAJ: SEMANAH BAY YON DÈNYE BILANPASYÈL SOU NOFRAJ BATO ECCLESIASTE LA
_Nan yon konferans pou laprès Eric junior Prevost, direktè sèvis maritin navigasyon Dayiti ( SEMANAH) bay, li fè konnen bilan pasyèl nofraj bato ki t ap fè trajè Ansapit/ Marigo a se 20 moun ki pèdi lavi yo ak 8 lòt ki lopital ki ap pran swen ak anviwon 30 …
Li Plis »AYITI/ GAZ: RATMAN GAZ LA GEN GWO KONSEKANS SOU BANK KOMÈSYAL YO
Labank ap louvri twa jou sèlman apati semèn lendi 8 novanm 2021 soti 8è nan maten pou bout a 2è nan apremidi akoz pwoblèm gaz la, daprè yon kominike asosyasyon pwofesyonèl bank yo mete deyò jounen vandredi 5 novanm 2021 an. « Nan sousi pou nou ka bay sèvis ki pi …
Li Plis »AYITI/GAZ/LAPOLIS : OKENN POLISYE PA DWE ITILIZE INIFÒM LAPOLIS LA POU PRAN LIY NAN PONP GAZ YO
Nan yon nòt responsab gwoup entèvansyon Polis Nasyonal Dayiti a mete deyò, li fè konnen li entèdi pou polisye itilize inifòm Lapolis la pou pran liy nan ponp gaz yo. » Si desizyon sa pa respekte, gen sanksyon ki ka pran ». Ayiti ap fè fas ak yon kriz gaz depi prèske …
Li Plis »LEMOND/AKSIDAN : YON AKSIDAN AVYON LAKOZ POU PI PITI SENK (5) MOUN MOURI NAN PEYI LARISI
Yon avyon ki tonbe jounen twa (3) novanm 2021 an, nan vil « Sibérie », ki nan peyi Larisi lakoz sèt (7) moun mouri, selon enfòmasyon otorite Risi yo mete disponib. » Aparèy » radars » disparèt, nan moman li ta pral ateri tou prè « Irkoutsk » (Sibérie) », daprè sa nou li nan yon …
Li Plis »AYITI/ ZEN/ IJAN: CHÈF GANG « BARBECUE » ANONSE LI PRAL MACHE PRAN ARIEL HENRY
Pòt pawòl gwoup nèg ak zam ki pote non » G9 Fanmi ak alye », Jimmy Cherisier, alyas « Barbecue » anonse li pral mache pran premye minis defakto doktè Ariel Henry, li estime ki vin tyoul sistèm peze souse a. Ansyen polisye ki te nan kò inite depatmantal mete lòd (UDMO), Jimmy …
Li Plis »AYITI/ MOUVMAN: YON GWOUP ETIDYAN MANDE REVOKASYON MINIS JISTIS LISZT QUITEL
Divès etidyan ki sòti nan inivèsite Leta (UEH), òganize jounen mèkredi twa (3) novanm 2021 an, yon mouvman devan lokal ministè jistis ak sekirite piblik (MJSP) pou mande demisyon minis jistis la Liszt Quitel. Gwoup etidyan sa yo ki ap reklame demisyon mouche minis jistis Liszt Quitel, ki sispèk nan …
Li Plis »AYITI/SENDOMENG : « RESPONSABILITE PA M SE PWOTEJE REPIBLIK DOMINIKÈN », LUIS ABINADER
_Prezidan dominiken an fè konnen, jounen mèkredi 3 novanm lan, responsabilite pa li se pwoteje repiblik dominikèn e nan sans sa, gen plis pase 3500 sòlda sou fwontyè ayisyano-dominiken an._ Yon lòt fwa ankò, chèf Leta dominiken an te pale sou koze ensekirite ki ap brase bil peyi Dayiti a. …
Li Plis »