Nan yon atak ki fèt jounen dimanch 17 oktòb 2021 an, 43 moun mouri nan yon mache piblik ki nan Nòdwès peyi Nijerya. Nan yon bilan otorite nan peyi Nijerya, prezante jounen lendi 18 oktòb la, fè konnen gen 43 moun mouri ak plizyè lòt blese, bandi ki fè aksyon …
Li Plis »AYITI/ELEKSYON: FEDERASYON PWOTESTANT BOUDE ENVITASYON PREMYE MINIS ARIEL HENRY POU PATISIPE NAN KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA A (KEP).
Nan yon lèt tou louvri Federasyon Pwotestant Ayiti (FPH) voye bay Premye minis Ariel Henry lendi 18 oktòb 2021 an, selon Federasyon an, douvan sitiyasyon malouk pèp Ayisyen an ap travèse anba tout kalite pwoblèm, nou menm kretyen pwotestan yo, nou pap patisipe nan fòmasyon konsèy elektoral pwovizwa a. Yon …
Li Plis »AYITI/GRÈV: TOUT AKTIVITE YO PARALIZE NAN DEPATMAN LWÈS
Grèv sektè transpò ak sendika transpò yo te lanse nan tout peyi pran a 80%. Sa lakoz anpil antrepriz pa fonksyone nan zòn Metwopolitèn lan, akoz anplwaye yo pa ka jwenn machin pou vin travay. Byen bonè maten lendi 18 oktòb 2021 an, tout pòt lekòl te ret fèmen , …
Li Plis »AYITI/GREV: MALGRE KONFLI NAN SEKTÈ TRANSPÒ A, POPILASYON SENMAK LA BLOKE TOUT AKTIVITE YO POU DEZYÈM JOUNEN GRÈV LA.
Malgre yon konfli nan sektè transpò a pou leve grèv la, popilasyon Senmak la bloke tout aktivite yo byen bonè maten madi 19 oktòb 2021 an. Yon gwoup moun mache fèmen divès antreptriz ki te gen entansyon ouvri pòt yo, moun sa yo te ale nan kèk lekòl fòse tout …
Li Plis »FOUTBÒL/ ANGLETÈ : MANCHESTER UNITED PÈDI KONT EKIP LECEISTER A
Anyen pap mache pou Cristiano Ronaldo ak koyekipye l yo nan Manchester United. Malgre Harry Maguire retounen e titilè ak Marcus Rashford ki sot sou ban ki fè gòl, makinyen yo pèdi nan yon match fou (4-2) kont ekip Leicester a samdi 16 oktòb 2021 an. Apre defèt sa, Red …
Li Plis »AYITI/GRÈV : FIGI LARI A POU DEPATMAN SIDÈS, NIP AK SID
Jan divès òganizasyon nan transpò ak pwopriyetè, sendikal ak politik te anonse yon jounen grèv lendi dizuit (18) oktòb 2021 respekte nan divès depatman ak komin ki nan Grand Sid peyi a rive respekte. Nan depatman Sidès, aktivite yo parèt paralize nan divès komin nan deptaman sa a sitou nan …
Li Plis »AYITI /KIDNAPIN : BANDI AK ZAM KIDNAPE YON DOKTÈ NAN ZÒN METWOPOLITÈN LAN
Bandi ak gwo zam fann fwa kidnape doktè Elizabeth VICTOR nan rantre sid kapital la pi presizeman nan zòn matisan pandan li tap rantre lakay li jounen samdi 16 oktòb 2021 an. Selon enfòmasyon nou fè anpil konfyans redaktè Echojounal yo jwenn, pedyat la te rete nan komin kafou, li …
Li Plis »AYITI/MANIFESTASYON: LAPOLIS KRAZE SITIN KONT OGMANTANSYON PRI RETRÈ MON CASH LA
Jan sa te anonse depi semèn pase, anpil sitwayen t al eksprime kòlè yo ak fristrasyon yo pou ogmantasyon ki fèt sou frè retrè Mon Cash la devan santral Digicel ki nan Tijo jounen lendi 18 oktòb 2021. Fòs lòd yo, bò kote pa yo, kraze sit-in nan ak gaz …
Li Plis »AYITI/KOMEMORASYON: NÈG AK ZAM FÈ ARIEL HENRY KOURI KITE PON WOUJ.
_Nan okazyon komemorasyon dat asasina papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, Ariel Henry, premye minis defakto ayisyen an, te rann li Pon Wouj ki se, daprè anpil istoryen, espas kote anperè Jacques 1er te asasinen. Sepandan, akoz anpil kout zam ki t ap chante nan zòn nan te blije chèf …
Li Plis »AYITI/ KIDNAPIN: NÈG AK ZAM KIDNAPE PLIZYÈ KRETYEN AMERIKEN NAN KOMIN GANTYE
Nèg ak zam kidnape samdi sèz (16) oktòb 2021 an, kenz (15) misyonè ameriken sou wout nasyonal nimewo uit (8) la « RN8″, komin Gantye, ki nan depatman Lwès peyi a. Zak la pase nan yon lokalite ki rele » La Trembley 17″, nan moman yo ta pral vizite yon ofelina …
Li Plis »