Nan lannwit madi 2 fevriye 2021 an moun yo pa rive idantifye nan Dekawo komin Gonayiv mete dife nan 4 machin ki te nan lakou Odivin Hôtel daprè propretè otèl lan aksyon sa pase pandan manifestasyon kont prezidan Jovenel Moïse nan komin nan. Direktè depatman ministè travo piblik transpò ak …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: ANPLWAYE ONA 17 YO LEVE KANPE POU MANDE LIBERASYON YON KÒLÈG YO KE BANDI KIDNAPE.
Byen bonè maten mèkredi 3 fevriye 2021 an anplwaye ONA ki nan Dèlma 17 yo bloke otowout Dèlma a nan nivo Kafou awopò pou mande liberasyon kòlèg yo Emmanuel Thermezy ke bandi kidnape nan lanwit madi 2 fevriye 2021 an. Bandi yo kidnape anplwaye a nan blòk Dèlma 19 selon …
Li Plis »AYITI/GRÈV: PREMYE MINIS LAN DI LI PRAN NÒT POU JAN POPILASYON TE APIYE GRÈV SENDIKA TRANSPÒ A.
Nan yon konferans pou laprès jounen 2 fevriye 2021 an premye minis Joseph Joute fè konnen li pran nòt de grèv la e li pral korije kaye li. Premye minis la di grèv la respekte, li fè konnen pèp la bouke yo pa kapab ankò ak zak kidnapin sa epi …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: MOUN YO PA IDANTIFYE KIDNAPE YON ANPLWAYE ONA TOU SWIT APRE GRÈV LA.
Moun yo pa idantifye kidnape nan apre midi madi 2 fevriye 2021 an Dr Thermezy Emmanuel nan zòn Dèlma 19 selon enfòmasyon nou rive jwenn. Yo kidnape anplwaye ONA sila tou swit apre 2 jounen grèv sendika transpò a te lanse pou mande otorite yo pran responsabilite yo ak zak …
Li Plis »AYITI/POLITIK: « GRAND DIALOGUE NATIONAL » LA RANVWAYE POU YON LÒT DAT KE NOU POKO KONNEN.
Prezidan tyè sena a Joseph Lambert anonse jounen madi 2 fevriye 2021 an ke chita pale ki pote non « Grand dialogue national » la ranvwaye. Joseph Lambert anonse nouvèl sila nan yon twit san li pa di ki jou lap fèt, chita pale sila ke li te rele « Grand dialogue national » …
Li Plis »LEMOND/ARESTASYON:PITIT GASON ANSYEN SELÈB FOOTBALLÈ KI TE VINI PREZIDAN REPIBLIK LIBERYA JWENN ARESTASYON LI
Pitit gason ansyen footballè ki te vini prezidan Liberya jwenn arestasyon li nan yon apatman li lwe nan Airbnb nan lannwit lendi pou leve madi 2 fevriye 2021 an. George Weah Jr te jwenn arestasyon akoz li te aji an rebelyon epi li te repete anpil bagay ki lèd. Lapolis lan …
Li Plis »AYITI/DÈY: ANSYEN SENATÈ PATI FIZYON SOSYO DEMOKRAT LAN PATI POU PEYI TÉT SAN CHAPO
Ansyen senatè Serge Gilles 85 lane pati pou peyi tèt san chapo nan lannwit lendi 1 fevriye 2021 an daprè prezidant fizyon sosyo demokrat ayisyen an. Manb fondatè pati nasyonal pwogresis revolisyonè Ayisyen (PANPRHA) epi fizyon sosyo demokrat ayisyen an Serge Gilles ki soti nan Mayisad te diplome nan sikoloji …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PREZIDAN REPIBLIK LA REYAJI SOU ZAK KIDNAPIN NAN KAP TAYE BANDA NAN PEYI A.
Nan yon ti kozri nan yon live facebook jounen premye fevriye 2021 an, prezidan repiblik la Jovenel Moïse reyaji sou zak kidnapin nan epi pwomèt popilasyon an ke lap derasinen li. Nan ti kozri sila prezidan an fè konnen kidnapin nan gen marenn ak parenn e selon li menm zak …
Li Plis »LEMOND/AKSIDAN: 5 MOUN MOURI NAN YON AKSIDAN ELIKOPTÈ MILITÈ NAN PEYI KIBA
Senk moun pèdi lavi yo nan yon aksidan elikoptè militè nan jounen 29 janvye 2021 an nan peyi Kiba . Elikoptè militè sa kraze nan yon ti bout mòn ant pwovens Holguin ak Guantanamo nan lès lil lan selon ministè fòs lame a. Li te gen 5 moun ladann tout …
Li Plis »LEMOND/TANPÈT: YON GWO TANPÈT NÈJ FRAPE PEYI ETAZINI RIVE FÈ PLIZYÈ ENTITISYON FÈMEN PÒT YO
Yon gwo tanpèt nèj frape nòdès peyi Etazini lendi 1 fevriye 2021 an soti nan Washington nan Boston,nan Pennsylvanie nan Maine plizyè dizèn moun ki te alète monte nan nò. Tanpèt sa ta sanble youn nan pi gwo nèj ki anrejistre nan New York bò 14 è nan lè peyi …
Li Plis »