Premye minis Mark Rutte prezante demisyon li nan tèt gouvènman peyi Ba vandredi 15 janvye 2021 an . Mark Rutte demisyone akoz yon gwo diskisyon ki genyen nan administratsyon an kote yo akize plizyè milye fanmi pou koripsyon. Premye minis Néerlandais lan anonse desisyon sa 2 mwa eleksyon lejislativ lan …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: POPILASYON TI RIVYÈ A FRAPE PYE YO ATÈ KONT BANDI NAN SAVYEN YO KI ANPECHE YO VIV
Popilasyon Ti rivyè a nan depatman Latibonit frape pye yo atè pou elimine bandi ki anpeche yo viv espesyalman bandi ki nan baz « gran grif » ke Odma ap dirije. Pou mete bandi sa yo nan kanpe lwen popilasyon an nan tèt kole ak lapolis ke yo te fòse akonpaye yo …
Li Plis »AYITI/KOVID 19: YON DIREKTRIS JENERAL NAN LAKOU PEYI DAYITI PRAN NAN PANDEMI KOWONAVIRIS.
Nan yon nòt pou laprès jounen jedi 14 janvye 2021 an ekip kominikasyon lotri leta ayisyen an anonse direktris jeneral yo Marie Margareth Fortuné gen kowonaviris. Selon nòt la direktris la ap pran swen nan yon lopital nan peyi a apre li te santi yon malèz li tal lopital, tès …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE :TWA ASASEN PASE SOU MOTO TIRE PLIZYÈ KATOUCH SOU TI MACHANN KAP VANN TELEFÒN
Twa moun yo pa rive idantifye pase sou moto tire plizyè katouch sou ti machann vann telefòn sou channmas la jounen mèkredi 13 janvye 2021. Plizyè moun blese men yo te rive transpòte moun sa yo an ijans nan lopital pou yo te ka pran swen . Atak sa fèt …
Li Plis »LEMOND/JISTIS:LAJISTIS AMERIKEN KONDANE YON FANM KI KÒNN OUVRI VANT MOUN KI ANSENT POU LI KA VÒLÈ BEBE A
Lisa Montgomery 52 lane kondane nan penitansye « Terre Haute « nan Indyana mèkredi 13 janvye 2021 an bò 1è 30 nan maten selon depatman jistis ameriken an. Lisa akize nan lanmò Bobbie Jo Stinnett ki gen 23 lane ki te ansent kote Lisa te rive ouvri vant Bobbie aprè li kidnape bebe …
Li Plis »AYITI/REVOKASYON: EUDES LAJOIE PÈDI DJÒB LI APRE YON PALE ANPIL POU YON KAY LI TE PRAN A GWO PONYÈT.
Direktè jeneral SNGRS Eudes Lajoie pèdi djòb li apre yon gwo bouch louvri ant li ak Monnevieve Germain pou yon kesyon kay nan zòn Bèlvil. Yon dosye ke lajistis pat pran tan pou te rezoud kote yo mete ansyen ansyen DG Eude Lajoie deyò nan kay la ke li te …
Li Plis »AYITI/POLITIK: JOSEPH LAMBERT PRAN KONTWÒL SENA REPIBLIK LA.
Senatè sidès la Joseph Lambert pran kontwòl sena repiblik la jounen madi 12 janvye 2020 an. Senatè a rive pran kontwòl ti rès senatè yo nan palman gras ak uit (8) senatè nan dis (10) ki rete yo ki te leve men yo pou li nan yon eleksyon. Joseph Lambert …
Li Plis »AYITI/VYOLANS: MOMAN NWA POU ROODY ROODBOY NAN VIL OKAY AK PLIZYÈ LÒT MOUN.
Atis Roody Roodboy viktim nan lannwit samdi pou rive dimanch 10 janvye 2021 an nan yon gwo lòbèy ki pete nan yon bal li tal jwe nan yon klèb Backyard nan vil Okay. Atis la soti blese ak plizyè lòt moun ki te nan pwogram sila ki te pote non …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN:ENSPEKTÈ BANDI AK ZAM TE KIDNAPE DEPI 5 JOU AN JWENN LIBERASYON LI
Enspektè Wilner Séraphin bandi ak zam te kidnape jwenn liberasyon li nan lannwit 8 janvye 2021 an daprè pòt pawòl polis lan Nasyonal ayisyen an . Wilner Seraphin ki te kidnape nan rue Pave te pase 5 jou nan men asasen men pou enspektè a te ka jwenn liberasyon se …
Li Plis »LEMOND/REZO SOSYO: TWITER KANPE DAN DI KONT PREZIDAN AMERIKEN AN DONALD TRUMP
Responsab rezo sosyal twitter yo pran desizyon bloke kont prezidan ameriken an Donald Trump jounen vandredi 8 janvye 2021 an apre yo te fin efase kèk twit Donald Trump te fè. Desizyon sa pran paske Donald Trump vyole prensip twitter a selon enfo yo epi twit li yo menasan lap …
Li Plis »