Wadner PRESSOIR se non yon jèn gason bandi sou motosiklèt arive retire lavi li anba katouch Madi 19 Novanm 2019 la nan Damyen zòn komin Taba. Viktim nan ta pèdi lavil akoz meyè kondisyon vi li ap reklame pou popilasyon an selon abitan nan zòn sa daprè enfòmasyon ki rive …
Li Plis »AYITI/MACH:RECIMHA REPÒTE MACH LI TE PREVWA ÒGANIZE JEDI 21 NOVANN 2019 LA NAN PEYI A.
Biwo ekzekitif regwoupman sitwayen pou yon meyè ayiti (RECIMHA) anonse nan yon nòt pou laprès jounen mèkredi 20 novanm 2019 la ke mach li te konte òganize pou jedi 21 novanm 2019 la repòte pou yon lòt dat Daprè responsab RECIMHA yo,yo fè konnen seri konsiltasyon yo ap kontinye ak …
Li Plis »AYITI/KOMEMORASYON: 216 LANE BATAY VÈTYÈ A SELEBRE NAN GWO CHIRE PIT ANT PITIT PEYI A.
Prezidan repiblik la Jovenel Moise nan tèt kolè ak plizyè manm nan gouvènman an li an san prezans prezidan asanble nasyonal la, san prezans prezidan chanm ki pi ba a, san prezans prezidan kou kasasyon ak plizyè lòt rive make dat istorik sa ki vle di anpil kichòy pou pèp …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON POLISYE TONBE ANBA BAL BANDI PANDAN LAP FÈ TRAVAY LI.
Richardson André-Vigne se non polisye ki tonbe madi 19 novanm 2019 la nan lokalite Chalon ki chita kò li nan depatman Nip peyi Dayiti. Polisye a ta pral jwenn lanmò li pandan nèg ak zam tap taye banda dèyè barikad yo, yo tap anpeche sikilasyon an fonksyone kote yo tap …
Li Plis »AYITI/KOLERA: NASYONZINI BAY YON RAPÒ SOU MALADI KOLERA NAN PEYI DAYITI.
Josette SHEERAN ke Nasyonzini te voye pou mennen yon ankèt nan peyi Dayiti konsènan maladi kolera ki se youn nan maladi ki mete anpil dlo nan zye anpil moun popilasyon an. Responsab ankèt la nan rapò li drese nan misyon sa, fè konnen apre nèf (9) mwa pa gen okenn …
Li Plis »AYITI/MANIFESTASYON: MANIFESTASYON OPOZISYON AN POU 216 LANE BATAY VÈTYÈ A PA FÈ RESÈT YO TE SWETE A.
Malgre gwo mobilizasyon nan plizyè medya, sou rezo sosyo yo manifestasyon opozisyon an pa rive fè resèt ayè lendi 18 novanm 2019 la nan kapital peyi Dayiti a malgre senatè Yourry Latortue te nan tèt manifestasyon an. Manifestan yo ki te plizyè santèn te trè vyolan tanzantan yo tap voye …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS METE MEN NAN PAT KASAY YON ENDIVIDI KI TE GEN NAN MENL KOKTÈL MOLOTOV.
Lapolis mete men nan pat kasav Emmanuel Dorival nan zòn Saint Patrick Delmas 33 ak plizyè koktèl molotov nan men li pandan jounen 18 novanm 2019 la. Mesye sa te gen avèk li plizyè lòt moun ki yo menm te gentan lage pye yo nan moman lapolis te rive sou …
Li Plis »AYITI/AKSIDAN: YON MOUN MOURI PLIZYÈ LÒT BLESE NAN YON AKSIDAN SOU WOUT NASYONAL #2 A.
Yon moun mouri ak plizyè lot blese nan yon aksidan machin nan lannwit vandredri 15 novanm 2019 lan sou wout nasyonal #2 nan nivo Aken. Aksidan sa rive apre yon ti bus ki fè trajè Okay/Pòtoprens ki frape ak yon lòt machin ki te kanpe sou wout la. Selon moun …
Li Plis »LEMOND/ETAZINI/KRIM: TIMOUN KI TE TOUYE DE ZANMI LI YO ANBA KATOUCH NAN LISE A MOURI.
Nathaniel Berhow se non yon timoun sèz lane ki touye anba katouch de zanmi li epi blese twa (3) lòt apre tire tire tèt li ak yon bal nan tèt nan lakou lise Saugus de Santa ki nan eta Californie peyi Etazini jedi 14 novanm 2019 la Malgre tout dilijans …
Li Plis »LEMOND/VYOLANS: YON NÈG TOUYE MADANM LI TOU ANSENT POU MANJE NAN PEYI SENEGAL.
Lapolis nan peyi Senegal konfime bay laprès vandredi 15 novanm 2019 la ke yon nèg touye madanm li anba kou paske lè li rantre nan kay la li jwenn fi a pat fè manje. Aminata kà se non jè fi sa ki pèdi la vi anba kou malgre li ansent …
Li Plis »