Ayè mèkredi 23 oktòb 2019 la lidè opozisyon radikal yo anonse yon semèn nwa nan peyi a, kote yo lanse dechoukaj pou fòse prezidan repiblik la Jovenel Moïse kite pouvwa a. Andre Michel ki tap pale nan non opozisyon an san kè sote anonse semèn 27 oktòb 2019 la rive …
Li Plis »AYITI/EKONOMI: JOVENEL MOISE KÒMANSE DECHOUKE SISTÈM NAN.
Apre prezidan repiblik la Jovenel Moise fin koupe yon seri gwo kontra ki selon li pa respekte nòm yo, prezidan an bay lòd pou anile franchiz tout moun nan dwàn yo. Yon enfòmasyon sekretè jeneral konsèy minis yo Renald Luberice pat pran tan pou pibliye nan yon twit « Le Ministère …
Li Plis »AYITI/DÈY:YON AYISYEN MOURI NWAYE NAN SENDOMENG.
Yo jwenn yon Ayisyen mouri nwaye ayè madi 22 Oktòb 2019 la nan rivyè massacre nan Dajabòn aprè li t’ap eseye rantre sou tèritwa peyi Sendomeng pou al chache lavi miyò. Yon timoun 4 lane kite avèk sitwayen sa disparèt, pwoblèm sosyo-ekonomik peyi Dayiti ap travèse, oblije pouse moun popilasyon …
Li Plis »LEMOND/ELEKSYON : CHEF PATI LIBERAL LA JUSTIN TRUDEAU PRAN YON LOT MANDA NAN TÈT PEYI KANADA.
Aprè Justin Trudeau finn pase 4 lane nan tèt peyi kanada kòm premye minis, pou yon lòt fwa chef pati liberal la pral pase kat (4) lòt ane ap dirije peyi a, pandan premye minis lan bay garanti lap respekte tout sa li te pwomèt yo. Gouvènman liberal la pwomèt …
Li Plis »AYITI/EKONOMI:WESTERN UNION DEMANTI RIMÈ KI FÈ KWÈ LAP FÈMEN PÒT LI YO.
Mezon western union voye jete byen lwen ayè madi 22 oktòb 2019 la sou paj facebook li tout rimè kap sikile sou rezo sosyo yo, ki te fè kwè lap fèmen pòt li yo pou relouvri an janvye 2020. responsab mezon western union yo fè konnen yap toujou rete disponib …
Li Plis »AYITI/EKONOMI: TI MACHANN NAN VIL GONAYI DI YO PA KAPAB ANKÒ.
Plizyè ti machann nan vil Gonayiv mande pou otorite yo di yon mo pou yo paske anba lavil se sèl sous yo genyen pou yo viv epi jere fanmi yo. Selon ti machann yo mouvman kap fèt nan vil la pou mande chèf leta a Jovenel Moise pou kite pouvwa …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: BANDI YO LIBERE UIT (8) AJAN SEKIRITE YO TE PRAN YO.
Byen bonè maten mèkredi 23 oktòb 2019 la bandi nan Matisan pran yon machin konpayi sekirite « PSS SECURITE » ki te gen ladann sis (6) ajan sekirite ak de (2) chofè epi moute Gran ravin avèk yo selon enfo nou rive jwenn. Bandi yo ta pral libere uit (8) ajan yo …
Li Plis »ESPÒ/FOUTBÒL: TWAZYÈM JOUNEN PREMYE PATI LIG DÈCHANPYON.
Premye pati twazyèm jounen an jwe te gen uit « 8 » match nan pwogram nan 12hr-55 Atl Madrid tap resevwa Bayer Leverkusen yon match ki fini (1-0) pou espanyòl yo gras avèk yon gòl byen ta de Alvaro Morata swa 78èm minit 8 minit aprel te rantre nan match la li …
Li Plis »AYITI/SEMINÈ: ECHOJOUNAL AP OFRI YON SEMINÈ FÒMASYON SOU REDAKSYON JOUNALISTIK AK METRIZ SOU REZO SOSYO YO.
Echojounal nan tèt kole ak Principe Auto Ecole ap ofri yon seminè fòmasyon sou redaksyon jounalistik nan lang kreyòl la ak metriz sou rezo sosyo yo jou kap 1e epi 2 novanm 2019 kap vin la sou wout Delma a anfas antre Delmas 19 lokal Principe Auto Ecole. Tout moun …
Li Plis »AYITI/PRÈS: PLIZYÈ JOUNALIS VIKTIM DE ATAK YON GWOUP MANIFESTAN NAN KATEDRAL PÒTOPRENS.
Ayè madi 22 oktòb 2019 la plizyè jounalis ki tal kouvri yon mès nan katedral Pòtoprens viktim de atak kèk manifestan nan legliz la. Manifestan yo ki te sible Jounalis kameraman Radio Tele Ginen an Artiste Rubens ke yo te tante anpeche kouvri mès la, yo te anpeche jounalis la …
Li Plis »