Sitiyasyon abitan Tigwav parèt konplike depi aprè inondasyon kite frape vil la nan dat 18 septanm 2019 ki sot pase a, yon inondasyon ki pral retire lavi plizyè moun ,yon ti bebe pami yo san konte 4 moun ki disparèt, sa ki lakòz plis pase 120 moun lage san asistans …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON JOUNALIS TONBE ANBA BAL BANDI NAN VIL MIBALÈ.
Jounalis radyo Panic FM epi korespondan radyo Mega Néhémie Joseph tonbe anba bal aswè jedi 10 oktòb 2019 la nan vil Mibalè. Selon premye enfòmasyon yo Jounalis la ta mouri blòk 8tè yo pa twò lwen Parc Bayas apre nèg ak zam ta fin pati avèk li, moun nan zòn …
Li Plis »LEMOMD/SANTE: ÒGANIZASYON MONDYAL NAN ZAFÈ LA SANTE SELEBRE MADI 10 OKTÒB 2019 JOUNEN PREVANSYON KONT SWISID.
Prevansyon kont swisid se tèm òganizasyon mondyal sante mantal kenbe pou make jounen 10 oktòb 2019 la nan mond lan. Okazyon sila se moman pou sansibilize opinyon piblik la sou pwoblèm twoub mantal yo epi mobilize efò yo yon fason pou rive kwape tout fòm de stigmatizasyon ak tout moun …
Li Plis »ESPÒ/MATCH ZANMITAY: NEYMAR PA RIVE MAKE SANTYÈM GÒL LI AN.
Maten jedi 10 oktòb 2019 la, Brezil tap toke kòn li avèk seleksyon Senegalèz lan nan vil Sengapou yon match selesawo an te pran trè serye. Byen bonè nan rankont lan G.Jésus ta pral sèvi Roberto Firmino ki ouvri kontè an pou seleksyon brezil lan swa 11 minit. Seleksyon ke …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: NÈG AK ZAM PRAN YON BIS JEREMI AK TOUT MOUN YO LADANN.
Byen bonè maten jedi 10 oktòb 2019 la bandi nan vilaj de Dye pran bis « Dieu qui decide » ki ta prale Jeremi nan zòn Bisantnè epi rantre avèl nan baz yo. Bis la ki te gen ladann pou pi piti 49 moun, se yon bis ki fè trajè Jeremi Pòtoprens, …
Li Plis »KONN PEYIW: BELADÈ,YON VIL KI KENBE BOTE LI MALGRE KRIZ PEYI DAYITI A.
Vil Dumarsais Estimé a Beladè ki fonde nan lane 1948 se yon bèl vil ki chita kò li nan plato santral se yon vil fwontalyè ak Repiblik Dominikèn,vil sa kenbe bote l epi li toujou rete pwòp malgre alekile politisyen ayisyen itilize fatra pou sal vizaj peyi nou an. Gen …
Li Plis »AYITI/POLITIK: ÒGANIZASYON UNJADAYITI PREZANTE POPILASYON YON PLAN POU SOTI NAN KRIZ LA.
Nan yon kominike òganizasyon UNJADAYITI ki se « Unité des jeunes en Actions pour le Développement d’Ayiti. » prezante bay pèp ayisyen an yon plan pou soti nan kriz ki mete peyi a ajenou depi yon bon bout tan. Plan sila ki gen ladann sis (6) pwen ki chita konsa: 1-Redui manda …
Li Plis »ESPÒ/ENTÈNASYONAL: MATCH ZANMITAY ALMAY AK AJANTIN ANTANN YO.
Nan yon match trè anime nasyonal manchaf lan tap resevwa ekip ajantin nan. Byen bonè Almay te ouvri eskò an gras ak yon Gwo gòl de Serge Gnabry nan 13 premye minit nan match la. Gras ak yon pas de Lukas klosterman. Almay tap bezwen 7 minit apre pou make …
Li Plis »AYITI/MANIFESTASYON: YON BIWO LETA MANKE BOULE ANBA KOLÈ MANIFESTAN YO NAN GONAYIV. .
Manifestan yo nan vil gonayiv tante boule biwo OAVCT a Jounen mèkredi 09 Oktob 2019 la. Nan kad mouvman leve kanpe kap fèt Nan peyi a depi yon mwa pou rive kapote prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a,vil gonayiv konnen yon aprè midi tansyon kote anpil moun tap kouri nan …
Li Plis »AYITI/POLITIK: JHON JOEL JOSEPH DI OPOZISYON AN PA PRAN PAWÒL.
Ansyen senatè lwès la ,Jhon Joel Joseph ,ki tap entèveni sou radyo karayib fm yè aprè midi an nan emisyon entèseksyon mande aktè nan opozisyon an piga yal chita dyaloge ak Jovenel Moïse ki gen nonl site 69 fwa nan rapò lakou siperyè dè kont lan epi ki gen nonl …
Li Plis »