Minis jistis peyi Etazini an, Merrick Garland, ki pale mèkredi senk (5) janvye 2022 a, nan Deptaman Jistis nan « Washington », fè konnen li ap trennen nan devan lajistis tout moun ki te patisipe nan eskonbrit ki te pete sis (6) janvye 2021 nan « Capitol » la nan peyi Etazini. Nan diskou …
Li Plis »AYITI/POLITIK: MOÏSE JEAN CHARLES BAY DIZON LI SOU MANDA DIS (10) SENATÈ YO
_Lidè platfòm politik pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles, fè konnen sou radyo Scoop FM apre dezyèm lendi janvye 2022 pa gen senatè ankò._ Dezyèm lendi janvye 2022 ki pral vini lage yon chire pit nan mitan aktè politik, konstitisyonalis ak sila yo ki save nan domèn jiridik sou manman …
Li Plis »AYITI/POLITIK: BIWO SENA REPIBLIK LA FIKSE POZISYON LI SOU MANDA SENATÈ YO
Biwo sena a, nan yon nòt pou laprès jounen 5 janvye 2021 an, fè konnen li denonse avèk tout fòs li mannèv divèsyon ak entimidasyon yon laboratwa ap fè nan sousi pou yo kapab nonsèlman manipile sèvo pèp la e voye sena a ale dezyèm lendi mwa janvye. « Biwo sena …
Li Plis »AYITI/KOWONAVIRIS : MINISTÈ SANTE PIBLIK AK POPILASYON(MSPP) PREZANTE YON NOUVO BILAN SOU KOWONA VIRIS LA NAN PEYI DAYITI
Ministè sante piblik ak popilasyon prezante yon nouvo bilan pou kowonaviris la soti 19 mars 2020 pou rive 30 desanm 2021. Nan yon twit lendi 3 janvye 2022 an,MSPP fè konnen gen 40 nouvo ka konfime,sa ki bay yon total 26, 213 ka konfime,4935 moun pase lopital,773 moun mouri ak …
Li Plis »AYITI/POLITIK : MANDA. 10 SENATÈ AN FONKSYON AP PRAN FEN JANVYE 2023 DAPRÈ SANT ANALIZ RECHÈCH SOU DWA MOUN (CARDH)
Nan yon rapò byen long sant analiz rechèch sou dwa moun (CARDH) mete deyò,li esplike nwa sou blan manda tyè sena ap pran fen jouk dezyèm lendi nan mwa janvye 2023. pi lwen estrikti sa fè konnen tyè sena gen yon manda kap dire 6 lane e ki kapab renouvle. …
Li Plis »AYITI/ASASINAY :YON ANSYEN MINIS AFÈ ETRANJE GEN GWO ENKYETID SOU FASON GOUVÈNMAN DEFAKTO A AP MENNEN DOSYE ASASINAY PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LAN.
Nan yon twit, ansyen minis afè etranje a doktè Claude JOSEPH fè jounen premye janvye 2022 a, diplomat la eskprime enkyetid li gen sou fason gouvènman defakto a ap mennen dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse lan. Pa gen ankenn volonte politik pou Ansyen lokatè palè nasyonal la jwenn jistis deklare …
Li Plis »LEMOND/ AKSIDAN : SENK (5) MOUN MOURI AK 21 LÒT BLESE NAN PEYI LARISI
Yon aksidan ki fèt maten dimanch 2 janvye 2022 a, lakoz 5 moun mouri ak 21 lòt blese. Selon, enfòmasyon otorite nan Lapolis Ris yo kominike. Aksidan sa fèt nan moman yon bis ki te pote 49 moun t ap kite Kapital peyi a Moskou pou rann li nan vil …
Li Plis »YON PREZIME BANDI KI SOTI NAN KOMIN PETYONVIL JWENN ARESTAYON LI NAN VIL OKAY
Lapolis nan Okay mete anba kòd Chery Antoine jounen vandredi 31 desanm 2021 an pandan fòs lòd yo tap fè yon tchèk pwent. Chery Antoine soti nan komin Petyonvil, lokalite jalouzi. Li te gen pou destinasyon komin Bomon ki nan depatman Grandans. Fòs lòd yo jwenn de(2) zam 9 mm …
Li Plis »YON PEYI ENTÈDI JWÈ FOUTBÒL YO FÈ TATOU SOU PO YO
_Lachin entèdi pou jwè foutbòl yo fè tatouwaj sou po yo. Otorite Chinwa enpoze jwè foutbòl yo pou yo swa kouvri osnon retire tatou ki sou po yo a nan sousi pou kapab bay sosyete a yon bon egzanp._ Lachin pran yon gwo mezi kont foutbolè ki gen tatou yo …
Li Plis »AYITI /EVAZYON:PLIZYÈ POLISYE PRAN BAL PANDAN PRIZONYE YO TAP TANTE KRAZE PRIZON NAN KWADÈBOUKÈ
Prizonye ki nan prizon sivil croix-des-bouquets an tante kraze li Vandredi 31 desanm 2021 pou louvri Samdi premye Janvye 2022 an kote de (2) polisye blese youn ki gen non li Joachim Robinson ki se yon polisye 25kyèm pwomosyon. Selon enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon echojounal de (2) polisye soti …
Li Plis »