AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an espesyalman moun ki ap viv nan komin Kwadèboukè.

Nan avi sila, yo bay yon rapò sou travay ki kòmanse fèt pou moun ki ap viv nan zòn Silo/Dèlma ak Vivi Mitchel kòmanse jwenn dlo pòtab pou yo kapab sèvi e fè moun ki ap viv nan komin Kwadèboukè konnen yo ap travay pou rive sou yo malgre sityasyon an toujou konplike men teknisyen yo mobilize pou kapab bay tout moun sèvis kèlkanswa kote nan peyi a.

Selon avi a, travay sa yo jwenn sipò ak apwi « OREPA LWÈS » CTP/RMPP pou site sa yo ki deja pèmèt zòn sa yo: Wout frè, « Puit Blain », Dèlma 33, Dèlma 31, Silo, Catalpa, Casagnol pou site sa yo jwenn sèvis.

Teknisyen DINEPA yo fè konnen yo renouvle angajman yo pou kontinye bay popilasyon an sèvis.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Zin: Le naufrage du CPT, entre complots de palais et incompétence chronique

 À seulement 25 jours de la fin théorique de son mandat, le Conseil Présidentiel de …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager