Mondyal 2026: Lespay mete Bèljik deyò nan mondyal la e kase randevou ak Lafrans nan demi final.

Se te yon match pou rale souf! Aswè a, nan kad ka de final Mondyal 2026 la, seleksyon nasyonal Lespay la (« La Roja ») arache tikè l pou demi-final la apre li fin bat Bèljik de (2) gòl kont youn (1) gòl. Malgre yo kalifye, Espanyòl yo pèdi yon gwo bèl estatistik nan match sa a.

Depi nan kòmansman match la, Espanyòl yo te pran kontwòl jwèt la. Nan minit 30′, jèn F. Ruiz te mete dife nan defans Bèljik la pou l te louvri nòt la pou Lespay. Men, Bèljik pa te kwaze sa. Nan fen premye mitan an (minit 41), C. De Ketelaere te jwenn gòl egalizasyon an pou « Diables Rouges » yo.

Yon reyalite istorik: Gòl Ketelaere a se premye gòl seleksyon Lespay la kase depi kòmansman Koup dimond sa a. Defans « La Roja » a ki te tankou yon miray beton finalman sede, men sa pa te ase pou kraze moral yo.

Nan dezyèm mitan an, match la te vin pi sere. Se finalman nan minit 88, M. Merino te bay yon kout zèklè pou l make dezyèm gòl Lespay la, yon gòl ki delivre tout pèp espanyòl la.

Malgre yo pèdi ti dosye « pòt pwòp » yo a (pa t janm kase gòl), sa pa anpeche Espanyòl yo selebre gwo kalifikasyon sa a pou demi-final la. Kounye a, je yo fikse sou pwochen jwèt la ki pral pi rèd toujou: yo pral kwaze ak seleksyon Lafrans lan.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Football/Enquête : L’AFA ciblée par une enquête du FBI

L’Association argentine de football (AFA) est au cœur d’un scandale international. Selon le journal La …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager