Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè Lali » denonse direksyon lekòl sila ki egzije yo pou yo peye 100 dola vèt pou yo kapab al peye yon lòt lokal.

Selon paran sa yo ki an gwo difikilte kote anpil nan yo kite kay yo pou ensekirite, se yon krim lè direksyon lekòl la mande yo pou yo peye 100 dola vèt pou yo kapab al peye yon lòt lokal nan Dèlma 83 pandan, lekòl sa yo gen gwo sipò isit kou nan peyi lòt bò dlo.

Paran yo ale pi lwen pou di yo gen 4 vèsman pou yo peye lekòl la, yo lage de (2) bwa balanse bandi pote ale tout sa yo te redi fè, men kounye a lekòl la ba yo limit 31 janvye 2025 pou yo kapab peye lajan sila, yo mande otorite defakto ki nan tèt ministè edikasyon nasyonal la, manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout la, premye minis defakto a pou di yon mo pou yo.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: L’ouragan Melissa continue à s’accélérer.

L’ouragan Melissa continue à s’accélérer ce dimanche 26 octobre 2025, il est passé à la …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager